Travay sou fonksyònman kreyòl la : wòl yon lengwis ayisyen, yon manm AKA

Bon jounen entènasyonal lang matènèl pou nou tout !

Kreyòl ayisyen an se yon lang. Yon mwayen zansèt nou yo konstwi kolektivman, nan sitiyasyon babelizasyon ki te karakterize lavi yo nan koloni Sendomeng nan. Se sa ki te pèmèt yo rive kominike antre yo. Se yon trezò yo kite pou nou e ki reprezante prensipal eritaj nou jwenn nan men yo. Kreyòl la se yon zouti kominikasyon ki ini 100% pèp ayisyen an. Men, li plis pase sa. Se yon mwayen ki pèmèt nou chak lokitè (re)prezante tèt nou, (re)prezante lemonn. Se yon mwayen espresyon idantitè ki patisipe nan emèjans ontoloji chak manm kominote a.

Sa toujou kòche zòrèy mwen lè mwen tande moun ap fè lwanj pou lang nan kote yo ap parade nan diskou : "Kreyòl la bèl ! Kreyòl la chèlbè !" Malerezman, se sa mwen tande chak 28 oktòb, chak 21 fevriye, pafwa chak 8 septanm. Lang nan pa bezwen sa. Yon lang pa ka ni bèl ni lèd. Li se yon zouti idantitè, yon enstriman kominikasyon ki granmoun tèt li. Yon lang se yon antite otonòm ki kenbe rezon grandèt li nan pla men li. Bèlte li ak rezon grandèt li se marasa. Yo pa lwanje bèlte yon lang ; se viv yo viv sa. Mwen renmen al achte sèl. Mwen pa ko janm tande yon machann ap fè piblisite pou di kliyan li yo se sèl pa li a ki pi sale. Kout pous lang nan bezwen nan men chak lokitè, chak sitwayen, chak gwoup òganize, chak enstitisyon se pa ni lwanj, ni dyòlè, men se sèvi ak li nan tout kalte sitiyasyon pandan yo ap respekte mekanis fonksyònman li (prensip fonolojik, sentaksik, leksiko-semantik…) san melanje li ak okenn lòt lang nou aprann apre nou fin trape li natirèlman, nan fanmi nou, nan kominote a. 

Sa nou dwe fè kòm lengwis, akademisyen, an plis responsablite mwen sot endike la a, se pwodui refleksyon e fè piblikasyon pou ede lòt lokitè, lòt sitwayen konprann mekanis fonksyònman lang nan e rezon ki fè li nesesè pou nou respekte mekanis fonksyònman sa a. Lè yon lengwis oswa yon akademisyen lang kreyòl ayisyen an ap fè dyòlè pou lang nan nan chante li bèl, li chèlbè, mwen konprann li pran lang nan pou yon jwèt, oswa li pa konprann ki sa yon lang ye. Paske fonksyon yon lang twò enpòtan pou li ta kite nou pran li pou yon jwèt. Yon lang pa yon jwèt. Menm jan an tou, lengwistik pa yon jwèt. Yon akademi pa yon jwèt non plis!

Si se yon powèt oswa yon literè ki di li, sa pa rezone nan menm degre foste, tankou lè se yon inivèsitè ki di li, menm si powèt la oswa literè a kapab yon inivèsitè tou. Pi gwo dyòlè oswa lwanj yon lengwis ayisyen, yon akademisyen ka fè pou kreyòl la se yon pledwaye eklere pou lang nan pran plas li merite nan kominote a kòm lang matènèl san pou san Ayisyen, pou li tounen lang ansèyman tout bon nan eskolarizasyon fondamantal timoun yo jiskaske yo fin antre nan esperyans literasi a, sa ki vle di lè yo fin metrize sistèm lekti ak ekriti san gade dèyè. Kon sa, lè pou yo pase nan yon lòt lang, sa ap vin pi fasil.

Kreyòl se premye mwayen Ayisyen genyen pou li viv, prezante e reprezante tèt li. Se sa nou ta kapab rele kreyolitid li. Konstitisyon an gen rezon presize li se siman ki ini pèp ayisyen an. Men reyalite sosyal yo ta vle montre kreyòl la sèvi kòm yon zouti divizyon paske nou pa fè li jwe wòl li dwe jwe nan lavi idantitè e sosyo-edikatif chak grenn Ayisyen.

Anatomis la pa lwanje mèvèy sistèm kò moun. Li travay sou li pou konprann li e fè lòt moun konprann li tou pou pwoteje li. Pilòt la kapab emèveye devan rezo eleman ki devan li nan kokpit avyon an, men li pa chita ap fè dyòlè pou sa. Li manevre sistèm ki devan li a pou li navige nan sans pou li kondi aparèy la nan bon direksyon. Meteyowolojis la pa kontante li fè dyòlè pou mouvman lanati ki tèlman bèl ki ta sanble inesplikab. Men, li chèche konprann li, fòme esplikasyon, kreye konsèp si yo pa deja egziste pou esplike mèvèy natirèl k ap defile devan nou epi fè nou konprann yo, pou nou chèche amoni ki dwe ini nou ak manman lanati.

Refleksyon mwen fè lè mwen konstate manifestasyon kilti tout-voum-se-do sa a pouse mwen poze kesyon sa yo, menm si repons yo kapab pran anpil tan pou mwen jwenn yo, paske reyalite m ap viv nan peyi a pa ede m idantifye yo : ki bakgrawonn yon sitwayen dwe genyen pou li vin jounalis, lengwis, pwofesè, dirijan enstitisyon, akademisyen, chèchè ? Èske genyen pwovizyon ki fèt pou seleksyone, rekrite, anboche manm enstitisyon nou yo ? Si yo egziste, èske moun ki gen dwa desizyon yo respekte yo lè yo ap opere chwa sa yo ? Si devenn ta fè yo pran yon desizyon ki depaman ak sa pwovizyon enstitisyonèl oswa jiridiko-legal yo egzije, kòman yo ta kapab korije sa ?

Li pi lojik, pi serye, pi konpreyansib pou yon nanm eklere, onèt e volontè, ki vle wè kreyòl la jwenn plas li merite nan kominote ayisyen an kòmanse pwodui nan lang nan anvan li panse li ka aji sou fonksyònman li.

Pale sou konpòtman, deskripsyon ak fonksyònman nenpòt kalte lang pa yon aktivite atizana. Mwen priye atizan yo pa konprann mwen vle di pratik atizana a se yon aktivite tout-voum-se-do menm jan nou konstate anpil konpatriyòt montre sa pou travay deskripsyon, analiz ak refleksyon sou fonksyònman kreyòl ayisyen an. Mwen menm, mwen pa kapab otorize tèt mwen kwè mwen kapab desann nan vilaj Noway nan Kwadèboukè ak mato mwen, biren mwen oswa sizo mwen epi mwen tonbe dekoupe fè pou mwen pwodui zèv atizanal. Mwen t ap yon rizib devan atizan yo. Epi tou, pou respè mwen genyen pou chak aktivite pwofesyonèl san distenksyon, foli sa a pa t ap frape mwen.

Mwen sèvi avèk metafò pilòt la k ap dirije avyon an, men okenn lokitè pa kapab sèl pilòt yon lang. Chak lokitè se ko-pilòt lang li pratike a. Li pa kapab pilote li poukont li. Men, li patisipe nan mennen lang nan avèk chak lòt grenn lokitè ki nan kominote a nan meyè direksyon an. Yon lengwis-kreyolis pa direktè kreyòl la. Yon akademisyen, pa direktè li non plis. Yon lang, ak pratik lengwistik li akouche yo, twò nòb pou li ta zafè yon lengwis, menm yon ti gwoup lengwis oswa yon akademisyen, menm yon ti gwoup akademisyen.

Menm jan an tou, yon lang twò konplè, twò sifizan pou egzistans li ta chita sou dikta yon moun oswa yon gwoup moun. Se menm jan pou avyon an : pilòt la sèl pa ka fè li navige. Fòk mekanisyen yo jwe patisyon pa yo, fòk ajan mentnans yo enspekte aparèy la apre chak aterisaj… menm teknisyen ki ap ranpli avyon an ak pwopàn nan jwen patisyon pa li. Men, li enpòtan pou se moun ki konnen, ki fòme pou sa, ki konn sa yon lang ye, ki aprann dekòtike li… ki pale de lang : travay sou lang se yon aktivite syantifik. Pèsonn pa janm dòmi boutikye aswè epi reveye syantifik demen maten.

Epi tou, lè nou kontante nou chante lwanj lang nan, ak ki sa sa sèvi ? Ki benefis lang nan ap tire nan sa ? Ki sèvis nou rann lekòl, legliz, Leta, anfen, kominote lengwistik la ?

Si yon moun te rive pwopoze mwen repons pozitif pou kesyon sa yo epi li rive konvenk mwen, li te ka posib pou mwen konvèti tèt mwen an lwanjè kreyòl la tou.

Dapre obsèvasyon mwen – mwen gendwa twonpe mwen paske pèsepsyon pa toujou egal reyalite – tras plizyè akademisyen ki nan aktivite rechèch sou kreyòl tankou Nicolas André, Frenand Léger, Michel DeGraff, Rochambeau Lainy… envizib nan fonksyònman AKA. Mwen konstate nou pa chome, men, ki ensidans pozitif sa genyen sou enstitisyon an ? Èske obsèvasyon mwen an chita sou reyalite a ? Pa egzanp, dènye piblikasyon Frenand Léger sou kesyon kreyòl – Wòl ak kontribisyon Akademi Kreyòl Ayisyen nan "devlopman syantifik" lang kreyòl la – ki parèt an 2021 nan yon ouvraj kolektif ki pibliye nan Près inivèsitè Mediterane (Inivèsite Paul-Valéry Monpelye III) espoze yon agimantè rich ak enfòmasyon. Men, lè ou byen li chapit la, ou gen lenpresyon otè a ap gade AKA avèk anpil distans, sitou avèk yon rega syantifik ki netralize santiman patizànri ki ta ka anime li paske li te enstale kòm akademisyen. Pou respè mwen genyen pou laverite, si obsèvasyon an manke jis, nenpòt moun ki posede vrè reyalite a kapab ede m korije sa. Mwen tou di mèsi davans pou sa!    

Mwen ap konkli pou m raple mwen pa kont egzistans AKA. Nan kontribisyon mwen nan liv kolektif ki soti apre kolòk sou montaj AKA a, mwen te ekri se pa enstitisyon an, kèlkeswa non yo ta ba li, ki ta va yon pwoblèm. Se pito mòd gouvènans yo ta va adopte pou fè li fonksyone ki kapab poze pwoblèm. Sou plan sa a, mwen gen yon pozisyon ki diferan ak pa Lemète la. Men, si AKA ta sispann fonksyone nan moman mwen ap ekri tèks sa a, se li menm (Lemète Zéphyr) ki t ap gen rezon. Mwen sanble t ap pèdi pou revè!

Bon jounen entènasyonal lang matènèl ! Men li enpòtan pou nou poze aksyon ki depase selebrasyon jounen entènasyonal ki enplike lang nan sèlman!

Renauld Govain

Connexion utilisateur

Commentaires récents

  • Jean Crusol : "Première tentative d'un gang du narcotrafic de s'imposer dans le paysage politique et social de la Martinique"

    FARCEURS

    Albè

    24/11/2024 - 08:31

    Il faut être un sacré farceur pour faire croire aux Martiniquais qu'un deuxième Cuba est possible Lire la suite

  • Jean Crusol : "Première tentative d'un gang du narcotrafic de s'imposer dans le paysage politique et social de la Martinique"

    Albè , mon cher, peut-on mettre...

    Frédéric C.

    23/11/2024 - 23:38

    ...toute la "classe politique" (qui n’est d’ailleurs pas une "classe sociale") sur le même plan ? Lire la suite

  • Kréyolad 1052: Polo chanté

    Jid, sa vré! Sé lè on mizisiyen ka mò...

    Frédéric C.

    23/11/2024 - 20:10

    ...ou ka trouvé tout diks-li, òben yo ka viré enprimé tou sa i fè-a vitman présé! Lire la suite

  • "Local", "Traditionnel", "Typique", "D'Antan" "Territoire" et autres euphémismes

    Il y a pire que ça...

    Frédéric C.

    23/11/2024 - 15:38

    ...À une époque pas si lointaine, l’adjectif qualificatif "national" était fréquemment utilisé po Lire la suite

  • La religion chrétienne serait-elle une religion afro-caribéenne ?

    Avec des ritournelles de vie chère ...

    Veyative

    21/11/2024 - 05:55

    ce sera très drôle! Lire la suite