Pèp Ayisyen dwe goumen pou mete kanpe Demokrasi Popilè a

Klas dominan reyaksyonè yo, sètadi, Blòk Opouvwa a ki regwoupe boujwazi konpradò a, boujwazi biwokratik la ( Granmanjè kap souse leta a), grandon yo, tiboujwazi reyaksyonè a, politisyen abolotcho yo, epitou, gen peyi kolon enperyalis yo atravè anbasad yo, core group, Loni/binuh, OEA, Linyon Ewopeyen, yo tout mare sosis yo ansanm kont Demokrasi Popilè ki nan enterè fondamantal Pèp Ayisyen.

Yo sèvi ak fòs represif tankou lapolis politik la, bsap, ani, gang ame, asasen, kriminèl yo rekrite nan loumpenn pwoletarya a ki se yon klas moun sanzetadam pou eseye kraze mobilizasyon ak rezistans demokratik Pèp Ayisyen an. Reyaksyonè yo se klas moun kap pousuiv enterè pèsonèl, endividyalis, egoyis, mesken kont enterè majorite Pèp la.

Apa de fòs represif yo, klas reyaksyonè yo ak kolon enperyalis yo itilize tout kalite vye pwopagann, manti ak mètdam pou eseye laloz nou menm Pèp la pou eseye fè nou dòmi. Pa ekzanp, lè yo lanse vye kanaval dwògdilè pou al bwase lajan ant yo, yo toujou fè li parèt yap pote devlopman pou zòn kote kanaval bòkyè a pral fèt la. Se konsa an Fevriye 2021 an, yo sot lage Pòdpè nan tenten sou pretèks yo pral fè kanaval pou ede l devlope.

Ala de lòbèy! Yo konn vin fè distribisyon lajan ak manje tou nan sèten zòn pou fè nou goumen ant nou pou kèk goud ak mamit diri kòmkwa sa pral rezoud pwoblèm mizè ekstrèm yo mete nou ladann lan. Se te yon trè bèl jès Pèp TiGwav la te fè lè yo te dechire lajan koripsyon defakto sanginè yo te vin distribiye pou eseye kowonp nou.
Sepandan, yon pati nan Pèp la konn pran nan betiz sa yo. Kilè nap sispann pran lalin pou fwomay nan men vakabon? Pa kite vòlò yo laloz nou konsa Pèp Ayisyen! Fòk nou aprann vaksinen tèt nou kont vye politrik sa yo, vye pratik laloz sila yo. METE GRANMOUN SOU NOU PÈP AYISYEN POU VAKABON PA VIN BETIZE AK DIYITE NOU!

Li lè, li tan pou nou menm Pèp Ayisyen reyalize bann mafya nan klas dominan reyaksyonè a, boujwa malpwòp, grandon akayik, politisyen abolotcho, peyi kolon enperyalis yo pa dakò ak Demokrasi Popilè nan enterè nou menm Pèp la. Bliye bagay sa a! Sètènman, destinasyon nou se Restorasyon Endepandans peyi a, Liberasyon Nasyon an, Emansipasyon Pèp Ayisyen ak Demokrasi Popilè a. Se nan direksyon sa a tout Ayisyen Konsyan dwe mete kap nou. Se Nouvo Chimen sa a pou nou pran. Gen anpil pikan kwenna pou nou simonte pou rive a destinasyon sa a. Men si nou mete tout fòs nou, tout pwa nou nan balans la, nap rive a destinasyon nou kanmenm. 

Se nou menm Pèp Ayisyen ki pou goumen pou mete kanpe Demokrasi Popilè a pandan nap  konte sou pwòp fòs nou ak Travayè yo kòm Potomitan. Pinga nou fè erè grav panse mafya lokal ak mafya entènasyonal nan OEA, Loni/Binuh, Core group pral sipòte nou nan mete kanpe Demokrasi Popilè a. Vwayou/Koken sila yo pa Zanmi nou. SE LENMI JIRE NOU YO YE AN REYALITE. Nou dwe klè sou sa. Se nou menm nan Kan Pèp la ki pou twouse manch nou, mete pye nou nan dlo pou nou travay darach pye ak tout fòs nou, ak tout kouraj nou, ak tout konviksyon nou, ak tout detèminasyon nou pou mete kanpe Demokrasi Popilè a. Men sa mande nou òganize tèt nou yon fason otonòm ak lide Demokrasi Popilè a nan tèt nou.

Lenmi lokal ak lenmi entènasyonal nou yo mare sosis yo ansanm pou konbat jefò nap fè pou mete kanpe yon Demokrasi Popilè nan peyi a. Se nou tout nan Kan Pèp la ki pou leve kanpe ansanm kolektivman pou fè travay nou kolektivman pou fè Demokrasi Popilè nou sou pwòp fòs nou. Pa kite lenmi nou divize nou nan vye koze referandòm konstitisyon ak eleksyon malatchong, eleksyon pèpè, demokrasi pou lagalri.

NOU KAPAB KONSTWI DEMOKRASI POPILÈ A AK TRAVAYÈ KÒM POTOMITAN NAN KAN PÈP LA SOU PWÒP FÒS NOU!

ANN KONSTWI DEMOKRASI POPILÈ A, RESTORASYON ENDEPANDANS PEYI DAYITI, LIBERASYON NASYON AN, EMANSIPASYON PÈP LA KONT OPRESYON, DOMINASYON, REPRESYON, MASAK AK EKSPLWATASYON AK TRAVAYÈ KÒM POTOMITAN SOU PWÒP FÒS NOU 2 PYE FÈM PI VIT POSIB!

Connexion utilisateur

Commentaires récents

  • APPEL DU PARQUET CONTRE LE JUGEMENT DES STATUES: LE “SUPREMACISME” JUDICIAIRE A ENCORE FRAPPE

    C'EST CA !

    Albè

    04/12/2025 - 08:57

    T'es plus intelligent que l'avocat Raphaël Constant, rédacteur de l'article, qui a plus de 40 ans Lire la suite

  • APPEL DU PARQUET CONTRE LE JUGEMENT DES STATUES: LE “SUPREMACISME” JUDICIAIRE A ENCORE FRAPPE

    Suprémacisme à toutes les sauces

    poi

    03/12/2025 - 16:25

    Le suprémacisme est une théorie RACIALE et RACISTE consistant à considérer EXPLICITEMENT qu' une Lire la suite

  • APPEL DU PARQUET CONTRE LE JUGEMENT DES STATUES: LE “SUPREMACISME” JUDICIAIRE A ENCORE FRAPPE

    CODE PENAL FRANCAIS

    Albè

    03/12/2025 - 12:53

    Le premier "suprémacisme" ne consiste--t-il pas à utiliser les outils juridiques du colonisateur Lire la suite

  • Et si un écrivain français, réfugié en Russie, écrivait que l'Alsace appartient à l'Allemagne ?

    ????

    Albè

    03/12/2025 - 09:29

    Quel rapport avec le fond de l'article ?

    Lire la suite
  • Sainte-Lucie : le Béké Allen Chastenet échoue à redevenir Premier ministre

    PETITE FAUTE DE FRAPPE

    Albè

    03/12/2025 - 09:24

    C'est "Chastanet" et non "Chastenet"...

    Lire la suite