Festival Entènasyonal Literati Kreyòl (Ayiti)

Rubrique

Ak plis pase 60% popilasyon kreyolofòn ki nan Karayib la, Ayiti reprezante pi gwo moso nan kreyolofoni an. Toupatou nan rejyon karayibeyen an (Matinik, Gwadloup…) ak nan Oseyan endyen (Lil Moris, Sechèl…), ekriven yo pa sispann pwodui pou yo anrichi memwa literè lang kreyòl epi konsa, moutre posibilite ak kapasite bèl patrimwàn lenguistik ansestral nou an pa gen limit. Festival Entènasyonal Literati Kreyòl (FEL) pran nesans nan lide pou kreye plis espas rankont ak boukantay ant ekriven, lenguis, powèt, atis, entèlèktyèl kominote kreyolofòn sa yo, fasilite difizyon ak pwomosyon liv kreyòl nan mond kreyolofòn nan, fè konnen otè ak liv ki make istwa ak evolisyon literè lang kreyòl. Atravè « Dyaspowèm » FEL ajoute nan pwogramasyon li depi 2021, nou rive kreye yon espas espesyal pou kreyatè kreyolofòn kominote sila yo k ap evolye nan lòt peyi.   

Premye evènman literati kreyòl nan Karayib la ak nan Oseyan endyen, Festival Entènasyonal Literati Kreyòl se yon inisyativ Association FEL Caraïbes an patenarya ak Fondation Maurice Sixto, Organisation Martiniquaise pour le Developpement des Arts et de la Culture (OMDAC), Sosyete Koukouy, Akademi Kreyòl Ayisyen, Espas Kreyòl ak Eritaj Kilti Kreyòl ki baze nan peyi Etazini. Depi 2019, se kreyolis, powèt ayisyen Anivince Jean Baptiste k ap prezide evènman an. 

Pou 6èm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl (FEL 2024) se Pòtoprens ak vil Gonayiv k ap genyen pou akeyi diferan aktivite nou yo soti 3 pou rive 8 desanm 2024 la. Twa ekriven alonè : Doktè Serge Madhère (Ayiti), powèt, estatisyen ; Michel Ducasse (Lil Moris), powèt, jounalis, tradiktè literè ; Lyonel Desmarattes (Ayiti), ekriven, jounalis, tradiktè literè, manm Akademi Kreyòl Ayisyen.    

Ekriven ki alonè nan Festival Entènasyonal Literati Kreyòl depi 2019

Chak ane, Festival Entènasyonal Literati Kreyòl mete pwojektè sou de oubyen twa pèsonalite, kote li onore yo pou travay yo ak kontribisyon yo nan dinamik pwomosyon ak devlòpman literati kreyòl. Se okazyon kote festival la asire pwomosyon zèv pèsonalite sa yo epi envite piblik la (re) dekouvri travay yo. Men pèsonalite literè ayisyen ak etranje ki pote deja chapo « Envite alonè »  depi kreyasyon evènman an : 

2019 : Manno Ejèn, powèt (Ayiti - Kanada) ; Hilario Batista Félix (Kiba), powèt, responsab Depatman kreyòl nan Radyo Leta La Havana Cuba; Yves Marie Seraline (Matinik), ekriven, enjenyè kiltirèl; 

2020 : Raphaël Confiant (Matinik), ekriven;  Pierre Michel Chéry (Ayiti), ekriven, manm Akademi Kreyòl Ayisyen, kreyolis; Jean Euphèle Milcé (Ayiti), ekriven ; Rodolphe Mathurin (Ayiti), ekriven, pwofesè ;

2021 : Jude Duranty (Matinik), ekriven, kreyolis; Lyonel Trouillot (Ayiti), ekriven, majòjon Atelye jedi swa ; Ena Eluther (Gwadloup), ekriven, doktè nan literati… ;

2022 : Jo – Anne S. Ferreira (Trinidad & Tobago), lenguis, mèt konferans nan inivèsite Uwi ; Guy Gérald Ménard (Ayiti), powèt, nouvelis, pwofesè nan inivèsite Leta Ayiti, manm Akademi Kreyòl Ayisyen; Grégory Rabess (Ladominik), chantè, konpozitè, ekriven...

2023 : Jean Dédé Dorcély (Ayiti), ekriven, atispent, fondatè branch Sosyete Koukouy Santo ; Gregory Rabess (Ladominik), chantè, konpozitè, ekriven ; Vye Ewòl (Ayiti), powèt, responsab Medikaplant, pwofesè inivèsite nan Florid.

Media / Document
Image

Connexion utilisateur

Commentaires récents

  • L'incendiaire "présumé" de la mairie de Limoges n'est ni un Mohamed ni un Mamadou

    "................"

    yeg

    22/10/2026 - 15:56

    Pourquoi le mot "présumé" du titre est-il entre guillemets ? Lire la suite

  • Ki koté lo moun-tala pasé ?

    ..."led adan konpowtasion-nou" ?

    Daniel

    22/10/2026 - 14:35

    Pétet pas yo vini malen, afòs li Fondas Kreyol lanne passe.
    Lire la suite

  • Bracages à Fort-de-France : "...s'exprimant en créole saint-lucien"

    C'EST TOI LE PREMIER DELINQUANT !

    Albè

    21/10/2026 - 11:10

    Tu mériterais qu'on t'arrache ta gueule d'Oncle Tom et de négro aliéné. Lire la suite

  • Bracages à Fort-de-France : "...s'exprimant en créole saint-lucien"

    Et si on avait dit "des braqueurs ste-luciens" ,votre réaction ?

    yeg

    21/10/2026 - 11:02

    Exactement le même phénomène que je décrivais il ya qq commentaires de celà: par peur dêtre trait Lire la suite

  • Le chef du renseignement d'Arabie saoudite sur la sellette

    ET DONC...

    Albè

    21/10/2026 - 07:42

    ...ce général noir saoudien a fait COMMENT pour naitre puisque ses parents étaient tous castrés ? Lire la suite

  • Le chef du renseignement d'Arabie saoudite sur la sellette

    LES PETITS-ENFANTS DE BILAL-LE-CASTRÉ

    yeg

    20/10/2026 - 21:27

    Bilal ,le premier muezzin de l'histoire était un Nègre ESCLAVE ,notons-le ,au 7ème siècle donc pr Lire la suite

  • Le chef du renseignement d'Arabie saoudite sur la sellette

    DIGNE DESCENDANT DE...

    Albè

    19/10/2026 - 19:38

    ...Bilal ?

    Lire la suite
  • "Importer le Tiers-monde", selon J. D. Vance

    CARTHAGO...

    Albè

    19/10/2026 - 08:18

    Heu...Au collège, on m'avait appris "Carthago delenda est" lors de cours d'histoire chiants au po Lire la suite

  • Le lycéen dézingueur d'Aubagne ne s'appelle ni Mohamed ni Mamadou ni Mano !

    yeg; pourquoi ce larbinisme?

    @Lidé

    17/10/2026 - 07:39

    votre larbinisme vous empêche de comprendre que: judaïsme, christianisme et islam c'est la même m Lire la suite

  • Le lycéen dézingueur d'Aubagne ne s'appelle ni Mohamed ni Mamadou ni Mano !

    PFF !

    Albè

    16/10/2026 - 20:59

    Les chrétiens ont génocidé les Amérindiens, esclavagisé les Nègres, chambre-à-gazé les Juifs, liq Lire la suite