Iran ap etidye dokiman preliminè yon akò pou resisite akò nikleyè 2015 la ke li te siyen avek grann pwisans yo nan chita tande ki te dewoule nan vil Vienne an’ Otrich dapre sa minis afè etranjè li a fè konnen samdi ki sot pase a.
Tout pati yo di chita-tande pou fè Etazini retounen nan akò a apre ke Donald Trump ki te prezidan an 2018 te wetire peyi a ladann, yo di ke efò sa-a rive nan yon stad kritik, e prensipal negosyatè Iran an, Ali Bagheri retounen nan Teheran pou konsiltasyon.
Iran ap revize seriezman dokiman preliminè akò a, dapre sa minis afè etranjè Hossein Amir-Abdollahian di sou Twitter –li ajoute li te pale nan telefon avek prensipal diplomat Unyon Ewop la, Joseph Borrel.
Unyon Ewop la ap aji kom entemedyè ant negosyatè iranyen yo ak yon delegasyon Etazini pandan Etazini absan nan chita-tande fas-a-fas yo ant Teheran avek rès pati ki te nan akò 2015 la.
Amir- Abdollahian ajoute : Nou tout ap eseye jwenn yon bon antant. Nou fè liy rouj nou an parèt klè pou pati nan loksidan yo. Nou pare pou nou konkli yon bon akò touswit si yo montre volonte reyèl pou sa fèt.
Il me semble que l'article parle de ceux qui "PEUVENT PASSER POUR BLANCS" et non de ceux qui, dés Lire la suite
...est-ce que vous parlez de lui-même personnellement, qui l’aurait donc fait sciemment pour sa p Lire la suite
...comme le dit l'article étant donné que l'esclavage des Turcs n'était pas raciste (ils mettaie Lire la suite
Merci pour cet excellent article .Albè ,on demande des réparations aux Turcs quand? Lire la suite
...-et je ne suis pas le seul dans le cas-, ce n’est pas forcément "dans le silence de [mon] espr Lire la suite