Lendi 29 mas ,nan okazasyon 34èm anivèsè konstitisyon peyi a, yon gwoup ayisyen ak kèk zanmi kanadyen yo anvayi pasifikman anbasad ayiti nan ottawa.Se yon mouvman Ayisyen kap soutni ayisyen nèt a kole AKASAN ki te inisye operasyon kout pwen sa a.Objekti li se pou denonse reprezantan rejim ilegal Jovenel Moïse yo kap fè kadejak sou konstisyon 87 la epi tou fè sonje enfòmasyon ki gen rapò ak chèf misyon diplomatik, anbasadè oswa konsil jeneral ki okipe ilegalman 24 anbasad pandan manda prezidan manda fini Jovenel Moïse la.