Omaj Festival Entènasyonal Littérati Kréyol 2024

Rubrique

    Jean Bernabé (Matinik), Ernst Mirville (Ayiti), Danielle de St – Jorre (Sesèl - Seychelles), Pierre Michel Chéry (Ayiti), Georges Castera (Ayiti) ak Félix Morisseau Leroy (Ayiti), sis (6) pèsonalite edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl 2024 la ap rann omaj pou kontribisyon enpòtan yo pote nan dinamik devlòpman literati ak lang kreyòl.

 

1- Jean Bernabé (1942 - 2017): Se ekriven, lenguis, yonn nan majòjon mouvman « Kreyolite » bò kote Patrick Chamoiseau ak Raphaël Confiant. Kòm pwofesè inivèsite, li travay anpil lakay li Matinik an favè lang kreyòl nan Inivèsite ak nan lekòl.  

   

2- Ernst Mirville (1940 - 2021) : Ekriven, yonn nan fondatè Mouvman Kreyòl Ayisyen / Sosyete Koukouy avèk konpayèl li Henry Claude Daniel (Jan Tanbou) ak Jean Marie Willer Denis (Jan Tanbou). Lenguis, teyorisyen kreyolis, doktè Mirville te manm Akademi Kreyòl Ayisyen.

 

3- Danielle de St – Jorre (1941 - 1997) : Lenguis, diplomat, anseyan…, li mennen divès batay pou valorizasyon lang kreyòl nan peyi Sesèl (Seychelles). Li se yonn nan majòjon Bannzil kreyòl ki tabli 28 oktòb, depi 1941, Jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl. 

 

4-   Pierre Michel Chéry (1952 - 2024) : Kreyolis, ekriven, se yonn nan ekriven ayisyen ki pibliye plis woman nan lang kreyòl. Li te manm Akademi Kreyòl Ayisyen, kote li te ranpli fonksyon Sekretè jeneral enstitisyon an. An 2020, li te yonn nan ekriven alonè nan Festival Entènasyonal Literati Kreyòl. 

 

5- Georges Castera (1936 - 2020) : Yonn nan powèt ayisyen ki pibliye plis rekèy nan lang kreyòl. Avèk Georges Castera pwezi kreyòl ayisyen an konnen yon eklatman tematik, renouvo estetik estwòdinè ki etann enfliyans powèt la sou plizyè jenerasyon. An fevriye 2020, nan okazyon Jounen entènasyonal lang manman, Akademi Kreyòl Ayisyen te onore Georges Castera pou kontribisyon l nan devlòpman literè lang kreyòl.  

 

6- Félix Morisseau Leroy (1912 - 1998) : Yo konsidere l kòm papa pwezi kreyòl ayisyen an. Se ekriven ayisyen ki pibliye pou premye fwa yon rekèy pwezi konplè nan lang kreyòl, “Dyakout”, 1951 - 53. Gran defansè lang kreyòl, zèv Morisseau Leroy yo touche plizyè kategori literè tankou teyat ak kont. Li te manm Sosyete Koukouy, branch Miyami.

Connexion utilisateur

Commentaires récents

  • Aucun pays ne se rétrécit volontairement !

    AUCUNEMENT !

    Albè

    06/09/2025 - 18:34

    Il y a eu, dès la fin du 19è siècle, un mouvement de revendication autonomiste dans quasiment tou Lire la suite

  • Aucun pays ne se rétrécit volontairement !

    CONTRE EXEMPLE

    teddy@

    06/09/2025 - 09:21

    Le cas de la GRANDE-BRETAGNE mérite d'être pris en compte(SAINTE-LUCIE, DOMINIQUE).

    Lire la suite
  • Les 3 raisons pour lesquelles la France ne "larguera" jamais la Martinique

    VOS DEUX DRNIERES PHRASES

    Albè

    02/09/2025 - 08:05

    ...rendent caduc le laïus qui les précède. Lire la suite

  • Les 3 raisons pour lesquelles la France ne "larguera" jamais la Martinique

    Un ou 2 bémols quand même...

    Frédéric C.

    01/09/2025 - 13:52

    ...La France de de Gaulle-Debré-Foccart a choisi l’option de l’indépendance des pays d’Afrique su Lire la suite

  • Il n'y aurait donc ni profs d'histoire ni historiens en Martinique ?

    IL AURAIT FALLU AJOUTER...

    Albè

    31/08/2025 - 13:16

    ... Lire la suite