Pou yon kreyolofoni mozayik, kote chak kreyòl yo pou konnya dwe kenbe sistèm ekriti pa yo, n ap kontinye fè w viv ki jan kominikasyon ant diferan kreyòl ki gen menm baz leksikal yo pa pi konplike pase sa. Se nan lide sa a, nou kontan akeyi Tèrèz Léotin, yon pitit Matinik, yon grandèt, yon ekriven ki pase lavi l ap trase chimen pou lang kreyòl Matinik la. Nan ti chita ekri sa a, nou envite w viv trajektwa li, reyalite lengwistik zile a, diferan defi pèp Matinik la gen devan l epi lespwa k ap boujonnen lakay anpil nan yo pou yo viv nan yon zile ki granmoun tèt li.