Dekana Fakilte Lengwistik Aplike (FLA) aprann, avèk anpil tristès, lanmò Akademisyen Ernst Mirville.
Doktè Ernst Mirville te yon pwòch FLA e li te anseye nan Inivèsite d Eta d Ayiti (nan Fakilte Etnoloji). Li te yon militan pou defans ak pwomosyon lang kreyòl ayisyen an. Non militans li te Pyè Banbou. Ane pase, Sosyete Koukouy li manm fondatè inogire Pri ekselans Pyè Banbou ki rekonpanse 2 loreya nan konkou antre nan FLA a (youn pou chak vakasyon : maten ak apre-midi) ak 2 etidyan ki loreya nan dènye ane yo nan FLA.
Nan yon kolòk Laboratwa Lang, Sosyete, Edikasyon (LangSE) te òganize an me 2019 sou direksyon Ethson Otilien, nou te onore Doktè a pou kontribisyon li nan defans ak pwomosyon lang Kreyòl la.
Fakilte a koube li byen ba pou salye depa gran Mapou sa a e li prezante senpati li bay fanmi, zanmi ak kòlèg Doktè Mirville, an patikilye, kòlèg li nan Akademi Kreyòl ayisyen e nan Sosyete Koukouy.
Zèv Doktè Mirville yo ap kontinye viv pou sèvi kòz defans ak pwomosyon lang 100% ayisyen an.
Pòtoprens, 10 jen 2021
Renauld GOVAIN
Dwayen
Fakilte Lengwistik Aplike
Inivèsite d Eta d Ayiti
Di ki dwa ou ka pèmet kò'w kontesté non an lang yo ka kriyé KREYOL dépi 4 siek ? Lire la suite
Bèl pasaj.
Lire la suite
...de celles et ceux qui sauvent l’honneur de l’Occident, qui ne le mérite pourtant pas. Lire la suite
...déporté, puis esclavagisé nos ancêtres pendant 3 siècles, elle nous versera des réparations QU Lire la suite
Mon titre est à double sens : 1) Il concerne le contenu du commentaire précédent QUI N'A STRICTE Lire la suite