Lendi 29 mas ,nan okazasyon 34èm anivèsè konstitisyon peyi a, yon gwoup ayisyen ak kèk zanmi kanadyen yo anvayi pasifikman anbasad ayiti nan ottawa.Se yon mouvman Ayisyen kap soutni ayisyen nèt a kole AKASAN ki te inisye operasyon kout pwen sa a.Objekti li se pou denonse reprezantan rejim ilegal Jovenel Moïse yo kap fè kadejak sou konstisyon 87 la epi tou fè sonje enfòmasyon ki gen rapò ak chèf misyon diplomatik, anbasadè oswa konsil jeneral ki okipe ilegalman 24 anbasad pandan manda prezidan manda fini Jovenel Moïse la.
Apre mo byenvini Dr Weibert Arthus anbasadè Sena ayisyen an pa t ratifye ,Jean Elissaint Saint Vil pòtvwa AKASAN apre li te finn mesaj la poze kesyon sa yo : ki dat li te pase devan sena a pou ratifikasyon l ? Eske sena te ratifye ou menn Weibert Arthus ak Fritz Dorvillier daprè atik 141 konstisyon peyi dayiti? Mwen pap pran provokasyon, deba fini ,mèsi bokou repons anbasadè dekato Weibert Arthus te bay konpatriyòt li yo e tou pete kouri .
Anbasadè defakto Weibert Arthus kite pèdi kalm li ,menase nan yon dezyèm tan pou mete tout konpatriyòt ayisyen li yo deyò andann anbasad la.Avèk anpil san fwa san vyolans , nan lòd ak disiplin pwotestatè yo deside revoke senbolikman 2 diplomat defakto yo.AKASAN kalifye yo dasoman, vòlè tit e ki pa reprezante ayisyen pèp vanyan an, men de preferans se rejim ilegal Jovenel Moïse ak Jimmy Chérizier (Barbekyou) yo reprezante.
Ronald Leon
...la démolition mais la reconstruction à l'aide d'une architecture européenne. Lire la suite
Je me permets d intervenir car ces démolitions sont souvent réalisées soit par les propriétaires Lire la suite
La préservation de notre patrimoine martiniquais, qu’il soit antanlontan ou jòdijou, devrait être Lire la suite
On s'en fout ! Ce n'est pas LE SUJET DE L'ARTICLE. Lire la suite
Sauf que Judas vend Jésus et que c'est Pierre qui prétend ne pas le connaître.....
Lire la suite
...la castration, nous dit Yeg-Yug-Troyag. EVIDEMMENT IL S'AGIT D'UNE ENIEME ANERIE ! Lire la suite
Qu'est ce que c'est que cette histoire à la con de "civilisation ARABE(notons -le) conquérante"?< Lire la suite
Les bougres er bougresses de PEYI-A sont de fieffés hypocrites. Tout le monde sait ça ! Lire la suite
C'est dramatique, mais cette vidéo fait bien rire.
Lire la suite
C'est toi qui ne sait pas compter, mon gars. Lire la suite