Yon nouvo dekana enstale nan tèt Fakilte Lengwistik Aplike (FLA), Inivèsite d Eta d Ayiti (UEH), vandredi 7 mas 2025 la, nan kad yon seremoni ki dewoule nan lokal rektora Inivèsite d Eta d Ayiti a, Pwofesè Job Sylvert t ap anime, nan prezans Visrektè Akademik UEH la, Mesye Jean Poincy.
Nouvo dekana sa a ki konpoze ak Pwofesè Wilhem Michel, Dwayen, Pwofesè Jean Whig Noel, Visdwayen Akademik, ak Pwofesè Martineau Nelson, Visdwayen Rechèch, pran direksyon Fakilte a pou yon manda 4 lane k ap bout an 2029.
Nan okazyon sa a, Dwayen sòtan an, Pwofesè Renauld Govain ki t ap pran lapawòl, li te felisite nouvo dekana a pandan li te fè yo remake travay k ap tann yo a pa piti. Pwofesè Govain te souliye jan manda dekana li t ap dirije a te difisil, an rapò ak sitiyasyon ensekirite jeneralize peyi a ap travèse a. Li te souliye Fakilte Lengwistik Aplike oblije retounen yon finansman bay bayè ki t ap finansye konstriksyon yon batiman sekou pou enstitisyon an, paske yo pa te ka kontinye travay la akoz manm popilasyon an ki okipe lokal FLA a depi 9 mas 2024. Si pwojè a te fini depi 30 septanm 2024, bayè a te akòde yo delè jis 30 desanm pou yo te depanse lajan an, men kòm lokal la toujou okipe, yo pa gen lòt chwa ke remèt lajan an, daprè sa li te souliye.
Yon lòt kote, Pwofesè Govain te deklare si li pa kapab di l ap remèt pòs la avèk santiman li gen anpil satisfaksyon pou bon jan travay dekana li t ap dirije a te fè, li te kontan pou plizyè nouvo doktè ki te diplome pandan manda li a, san konte kantite etidyan ki enskri nan mastè, pami yo genyen ki sou wout pou yo al fè doktora.
Bò kote pa li, Prezidan Konsèy Elektoral FLA a, Mesye Jean Bruny Fresmont, te souliye nan ki kondisyon difisil eleksyon yo te òganize, pandan li pa te manke remèsye tout moun ak antite ki te pèmèt yo rive boukle pwosesis la, avan li te li pwoklamasyon rezilta yo ki konsakre eleksyon twa nouvo manm dekana a.
Nouvo Dwayen an li menm, Mesye Wilhem Michel, nan yon entèvansyon tou kout nan non nouvo dekana a, li te remèsye tout moun ak antite ki te pèmèt reyalizasyon eleksyon yo tou. Epi li te pwofite souliye tou nan ki kondisyon difisil FLA ap travay depi plis pase 1 an, kote se sèlman travay an liy ki posib akoz lokal enstitisyon an okipe depi 9 mas 2024. Li deklare yo pa konnen konbyen tan sitiyasyon sa a ap dire ankò men yo pral travay. Pou fini, nouvo Dwayen an te souliye an 2028, FLA pral fete 50 an egzistans li, yo dwe prepare yon selebresyon eksepsyonèl nan okazyon sa a. Li te konkli : «Se pa moman pou n ap fè diskou, men se moman pou nou poze aksyon tout bon.»
Nan entèvansyon pa li, Visrektè Akademik Inivèsite d Eta d Ayiti a, Mesye Jean Poincy, te souliye karaktè espesyal jounen an pandan li te felisite Konsèy Elektoral FLA a pou travay li reyalize a. Pandan li te felisite epi remèsye Dwayen Govain pou travay li, li te fè remake lespwa pa pèdi gras ak nouvo ekip la ki pral kontinye travay la pou FLA a kapab rekipere lokal li, men tou pou menm jwenn mwayen pou li gen lòt lokal pou li layite kò li pi plis toujou. Mesye Poincy te pwofite mete aksan sou enpòtans travay Fakilte Lengwistik Aplike ki dwe travay plis toujou pou fè lang matènèl nou an, lang kreyòl ayisyen an, sispann pran souflèt nan men lang kolon an, pou li vini yon lang djanm, k ap taye banda tout kote.
Nan sans sa a, Visrektè Poincy pwomèt pou li kanpe bò kote FLA pou mennen batay sa a, pandan li envite nouvo Dwayen an pou mennen batay sa a nan Konsèy Inivèsite a pou lang kreyòl la anseye nan tout Inivèsite Leta a.
Seremoni an te fini ak Plak Onè ak Merit yo te remèt bay Pwofesè Jean Bruny Fresmont, Prezidan Konsèy Elektoral FLA a, Pwofesè Renauld Govain, Dwayen sòtan an, Madam Rose Guerlie Léopold, Manm pèsonèl administratif la, epi Mesye Serge Auguste, Manm pèsonèl administratif la, Enfòmatisyen FLA a.
... vous êtes complètement à côté de la plaque. Lire la suite
Ce sont LES FAITS qui ont raison, pas moi ! Lire la suite
...Dans maintes colonies françaises, la plupart des intellectuels engagés se sont fait connaître Lire la suite
LOOOL ! Vous me faites de plus en plus sourire et parfois rire (jaune-abricot). Lire la suite
...quand vous en arrivez à ce stade il n’y a plus à essayer de discuter: BÉBÈ VOUZAVÉRÉZON!! Lire la suite
C'est un des héritages de l'occidentalisation
Lire la suite
il y l'iranienne Maryam Mirzakhani en 2014, dans les médias occidentaux on la montre non-voilée, Lire la suite
Quel "intérêt personnel" aurais-je à empêcher ceux dont vous parler d'exister ? Lire la suite
...êtes-vous sérieux ?... Lire la suite
QUI empêche à "des idées nouvelles" d'émerger ? Lire la suite