Kreyòl pale, Kreyòl konprann, Kreyòl aji

Yon ti koze ant Jacques Pierre ak Tatiana Behrmann

Rubrique

Malgre tout pwoblèm peyi nou an ap konfwonte, genyen de twa konpatriyòt k ap travay an silans, k ap poze baz pou konstwi yon nouvo Ayiti. Nan sans sa a, m ap envite nou dekouvri travay Dr. Tatiana Behrmann kote l ap pataje esperyans li ansanm ak konesans li sou responsablite li kòm responsab sesyon edikasyon an nan Osaka Foundation. Ti koze sa a ap fè nou viv pakou li, difikilte li rankontre nan bay lang kreyòl la plas li nan lekòl l ap jere a. Anpil paran pa te kwè se yon bon lide pou timoun yo aprann an kreyòl. E konsa, yo pa te kache di Dr. Behrmann sa yo panse. “Pou paran sa yo, lang kreyòl la pa te vyab, pa te gen valè ase pou mwen te fè lekòl ak li”. Gras a konfyans konpatriyòt nou an gen nan lang lan ansanm ak volonte li pou suiv sa lasyans di tout bon vre, li te mande paran yo pou ba l yon ti tan pou li te ka delivre machandiz la. “Mwen te mande yo yon sèl ane pou yo wè jan timoun yo ap aprann byen e aprann ak kè kontan tou. Apre lane sa a, mwen pa te kontre defi sa ankò”. Enben, depi lè sa a, tout timoun yo ki nan lekòl la ap aprann nan lang pa yo ak kè kontan, antan y ap aprann lòt lang tou.  Anplis, Osaka Foundation kreye bonjan kondisyon pou jèn yo devlope kapasite yo nan domèn espò ak atizay tou, yon fason pou jenerasyon k ap vini an gen ase zouti nan men l pou li konstwi yon Ayiti sou yon fondasyon ki djanm.  

Kreyòl pale, Kreyòl konprann, Kreyòl aji

JP: Bonjou, èske ou kapab di nou de twa ti mo sou ou menm (kote w fèt, kote w grandi, e ki evennman ki make anfans ou)?

TB: Bonjou Jacques. Mwen te fèt Pòtoprens kote mwen fè preske tout klas mwen. Nou te kite Ayiti an 1986 epi nou tounen an 1991 ak lespwa ke bagay yo t ap chanje. Men, mwen desann ni bak 1 (reto) ak bak 2 (filo) Pòtoprens. Mwen te pati nan lane 95 pou m t al nan inivèsite. Mwen te kontinye fè ni metriz mwen ak doktora m nan ledikasyon, byen ke lè m te kòmanse lekòl se nan medsin mwen te lage pye m. Se jis nan twazyèm lane inivèsite, apre mwen te travay nan yon kan ak timoun, elèv ki gen don, ke mwen te reyalize kè m te bat plis pou ledikasyon.

Kidonk, mwen fè yon detou nan karyè mwen e depi lè sa a mwen jwenn pasyon mwen. Jouk apre goudougoudou, mwen te deside ke eksperyans mwen ak konesans mwen t ap fè plis byen lakay mwen. Mwen mare pakèt mwen, malgre anpil pale bò kote fanmi m, yo te menm mande m si m fou! Men, mwen te gen sipò yon gran Nèg, papa m, Bwa Debenn, Clarck Behrmann, ki te toujou demontre yon lanmou san fon pou Ayiti, pou kilti nou, pou listwa nou ak potansyèl nou tou. Kifè, ak Bwa Debenn dèyè mwen, mwen tounen vin viv lakay mwen. Depi lè sa a m ap travay nan ledikasyon nan plizyè òganizasyon ak pwojè.

Pale nou ti kras sou rapò ou te gen ak lang sa yo (kreyòl, franse, angle) lè w t ap grandi?

Lè m t ap grandi, nou te pale franse ak kreyòl lakay la. Men, mwen sonje chak fwa nou ta pwal gen moun k ap vizite nou, manman m te konn mande nou pou nou eksprime nou an franse. Mwen te pale yon ti angle ke mwen te aprann nan gade tele ak lè mwen t al fè vakans lòt bò.

E jounen jodi a, ki rapò w ak lang sa yo? Èske gen yonn ou bay plis priyorite nan lavi w, nan lavi timoun ou yo?

Kounye an gen yon gran diferans lakay mwen. Tout pitit mwen yo pale kreyòl lè yo vle paske mwen pa santi ke yo derespekte pyès moun lè yo eksprime yo nan lang sa a. Nan lekòl mwen an tou, Bridge Academy, byen ke se yon lekòl bileng kote timoun yo aprann an franse ak angle, timoun yo pa gen pwoblèm pou yo pale kreyòl antre yo, e avèk staff la tou. Mwen antre kreyòl kòm yon lang ki bay elèv yo opòtinite pou yo gen kredi tou paske Texas Tech University, ki se patnè nou, rekonèt kreyòl kòm yon lang vyab ki konte pou kredi nan kourikoulòm nou an.

Pandan plis pase 2-3 fwa, m te wè ou menm nan wòl entèprèt (angle - kreyòl) pou diferan atelye MIT-Ayiti te fè ann Ayiti, bravo. Èske mouvman sa a te enspire w pou goumen pou yon edikasyon an kreyòl oswa se te jis yon travay nan moman an?

Atelye MIT yo te jwe yon wòl enpòtan nan disètasyon mwen te ekri pou m te gen doktora mwen an. Se nan kad eksperyans atelye sa yo ke mwen te vreman konprann ki mechanste sistèm edikasyon nou an fè nou, lè nou oblije aprann nan yon lang ki pa pou nou. Itilizasyon lang kreyòl la kòm zouti enstriksyon non sèlman te ede patisipan yo metrize materyèl nou te prezante yo, men li te kreye yon angouman lakay yo pou yo aprann plis. Tout moun te santi yo alèz pou yo poze kesyon, pou yo te fè kòmantè tou paske Kreyòl pale, Kreyòl konprann!

Pale nou sou travay ou ak “Osaka Foundation” nan domèn edikasyon, e ki pi gwo defi ou fè fas ak li nan bati yon kourikouloum ki chita sou aprantisaj an kreyòl?

Nan kad travay mwen ak fondasyon an, mwen te deside aplike Refòm Bèna a ki te di, depi lane 70 yo, fòk elèv ayisyen aprann nan lang matènèl yo pou premye ane lekòl yo. Kidonk, nan fondasyon an, depi matènèl rive nan dezyèm ane, se lang kreyòl la ke nou itilize kòm zouti enstriksyon. Timoun yo aprann li ak ekri nan lang manman yo. Yo tande lang franse a nan chante, nan pwezi, nan konvèsasyon, men se ak kreyòl la ke yo demontre sa yo metrize.

Pi gwo defi mwen te kontre se te, nan yon premye tan, bò kote paran yo ki te di m dirèk nan figi m, ke se paske mwen pale franse deja, epi mwen sot Pòtoprens ki fè mwen te vle bloke pitit yo ak lang kreyòl la. Pou paran sa yo, lang kreyòl la pa te vyab, pa te gen valè ase pou mwen te fè lekòl ak li. Mwen te mande yo pou yo te fè m konfyans baze sou etid mwen te fè ansanm ak repitasyon mwen te devlope tou nan kad travay mwen kòm edikatris isit tankou lòt bò dlo. Mwen te mande yo yon sèl ane pou yo wè jan timoun yo ap aprann byen epi aprann ak kè kontan tou. Apre lane sa a, mwen pa te kontre defi sa ankò.

Lòt gran obstak mwen te kontre tou, se te ak pwofesè ki te pase nan lekòl nòmal yo. Moun sa yo vini ak yon mepri pou lang kreyòl la. Menm pandan mwen t ap fè entèvyou avèk yo pou yo te ka travay nan fondasyon an, yo te plis vle demontre m ke mwen pa ka fè, e mwen pa ta dwe fè lekòl ak/an kreyòl. Mwen pa bezwen di ou ke anpil nan yo pa te jwenn dyòb lan paske olye pou yo ta fè travay mwen te mande yo fè a, se vle yo te vle demontre m ke lang manman nou an pa gen repondong ase pou mwen ta ka itilize li nan kad edikasyon timoun yo. De twa nan yo ki te demontre yon ti kal plis fleksibilite, e ki te deside fè wout la avè m te byen vit reyalize sa m te demontre nan tèz doktora mwen an.  E se sa tou Minis Bèna te vle pou sistèm lekòl nou an, yon sistèm lekòl kote lang manman nou an (kreyòl) sèvi kòm (pi bon) zouti pou enstwi ak edike timoun nou yo.

Èske sa rive w deja kote de twa paran di w pou ki sa kreyòl la se pou yo ak pitit pa yo, men kreyòl la pa pou pitit pa w yo?

A wi, jan m sot eksplike w lan, yo te menm trete m de ti boujwa ki ta vle bloke pitit yo. Men chans pa m, de (2) nan pitit mwen yo te la nan youn nan asanble nou te gen ak paran sila yo, e medam mwen yo pa te pè simen bonjan lang manman nou sou yo! Mwen te pale yo de travay atelye MIT yo, travay MIT kreye pou elèv li yo an kreyòl tou.  Tou sa pou nou te fè yo konprann ke yo pa ta sipoze gen dout sou valè lang lan. E konsa, pou m te ka demontre yo valè lang lan plis toujou, nou te tradui dyapo prezantasyon yo an kreyòl, diferan egzèsis ki dwe fèt nan laboratwa tou pou pèmèt pwofesè yo pi byen konprann sa yo dwe fè, antan y ap akonpaye elèv yo nan aplikasyon aktivite/egzèsis yo.

Ki jan apratisaj la an kreyòl ede timoun yo aprann lòt lang yo? Ki temwayaj ou jwenn nan men menm paran sa yo ki pa te vle tande lide pou timoun yo aprann an kreyòl ditou?

Gen anpil rechèch ki demontre ke lè nou aprann li ak ekri nan lang manman nou, nou gen yon baz solid ki kreye yon chapant pou nenpòt lòt lang nou ta vle metrize pi ta. Konsa tou, timoun nan fondasyon an, kou yo rive nan twazyèm ane, aprann kòrèkteman an franse. Se menm kourikoulòm edikasyon nasyonal la nou swiv. Diferans ak timoun pa nou yo se ke kou yo rive sou franse a, yo pa andikape paske nosyon de baz ke yo ta dwe genyen pou yo ka asimile konsèp ki pi konplèks yo, menm an franse, yo deja maton nan yo. Kidonk, paske baz la la deja, aprantisaj la menm an franse fèt pi swa.

Sa se pi gwo fyète mwen lè ke menm paran ki te gen dout sou travay mwen an te vini di m jan pitit yo te vin eveye, jan timoun yo te vin maton sitou nan koze lasyans. Epi paran sa yo te di m jan yo kontan wè timoun yo te ka esplike fenomèn syantifik yo ak yon konfyans nan sa yo konprann, pase plede resite sa yo te aprann nan klas.

Èske afich, lèt ak regleman ki konsènen lekòl la ekri an kreyòl ak franse oswa nan yon sèl lang? Pou ki sa?

Tout afich, anons, kontra, lèt, elatriye ekri an kreyòl. Nou mete tradiksyon franse a anba kreyòl la, gen de lè, nou ajoute angle tou sou yo paske nou ta vle timoun nou yo asimile lang sa a tou. Lè nou di ke lang kreyòl la gen valè, se pa yon pawòl nan bouch li ye. Se tout aksyon nou mete an plas ki demontre nou valorize lang sa a. Epitou, ki lang paran elèv mwen yo, pwofesè m yo ak kominote a konnen pi byen, se pa Kreyòl? Fòk nou fè sèten ke nou aliyen sa nou di ak sa nou fè, si se pa sa, se blag ak sinema n ap fè.

Ki jan lekòl w ap dirije a ta ka sèvi kòm modèl pou anpil lòt lekòl?

Mwen panse ke nou ka sèvi kòm modèl atravè travay nou fè pou nou aplike refòm Bèna a, sitou paske nou gen prèv ke aprantisaj nan lang manman (nou) bay elèv nou yo rezilta ki pi bon, e yon konfyans nan kiyès yo ye ak ki kapasite yo genyen tou. Lòt bagay ki enpòtan tou se demontre nou demontre lè nou mete tèt nou ansanm, nou kreye espas pou fòmasyon tou. E kòm nou aliyen objektif nou yo ak aktivite nou mete nan fondasyon an, se klè nou jwenn bonjan rezilta.

Travay mwen espere fè a pa rete nan fondasyon an sèlman paske li enpòtan pou mwen pataje eksperyans mwen ak konesans mwen genyen nan zafè edikasyon pou amelyore aprantisaj la pou tout timoun ayisyen. Kidonk, mwen rete disponib pou tout lòt lekòl ak gwoup ki ta renmen gen plis enfòmasyon sou enpòtans lang manman, yon fason pou ede timoun nou yo aprann ak kè kontan. Depi mwen ka mete baz la an plas, travay la ka kontinye fèt.

Pou fini, pataje ak nou de twa nouvote ou konte vini ak li nan lekòl la, oswa ki deja sou wout pou ateri?

Bon, mwen toujou ap fè rechèch sou nouvote nan ledikasyon. Mwen ta renmen kontinye chache mwayen pou enkòpore itilizasyon zouti teknoloji yo nan lekòl nou yo. Lòt gwo pwojè mwen genyen tou se sou fòmasyon pwofesè nou yo pou yo ta ka divòse ak metòd tradisyonèl la pou yo anbrase apwòch modèn yo. Konsa, fason pwofesè nou yo pral anseye va vin pi aktif, pi amizan, kote elèv yo gen opòtinite pou dekouvri kapasite yo tout bon vre. An gwo, nou va dekouvri ansanm diferan kalite entèlijans ki chita kay chak gwoup elèv nou yo antan n ap esplore diferan mòd aprantisaj tou.

M ap di Dr. Tatiana Behrmann yon gwo mèsi pou tout sa li te pataje ak nou. Travay w ap fè a merite anpil ankourajman. Se yon angajman sosyal, lengwistik ak patriyotik pou kreye bonjan wout pou yon lekòl ki dwe chita sou lang nou, kilti nou ak anviwonnman nou. Plis timoun nou yo ap aprann nan lang pa yo, san yo pa voye jete okenn lòt lang, plis y ap devlope kapasite pou yo aji ak anviwonnman yo. E se plis tou y ap jwenn motivasyon pou kreye zouti ki nesesè pou rezoud pwoblèm y ap konfwonte nan pwòp anviwonnman pa yo. Chak jenerasyon gen yon devwa pou fè pasaj pou sila yo k ap vini an. Nan sans sa a, gras a Osaka Foundation, Dr. Behrmann, yon pitit kay, ap travay pou ede sistèm lekòl nou an chita sou yon fondasyon ki djanm.

Jacques Pierre
Co-directeur de Haiti Lab,
Duke University

Connexion utilisateur

Commentaires récents