Jean Bernabé (Matinik), Ernst Mirville (Ayiti), Danielle de St – Jorre (Sesèl - Seychelles), Pierre Michel Chéry (Ayiti), Georges Castera (Ayiti) ak Félix Morisseau Leroy (Ayiti), sis (6) pèsonalite edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl 2024 la ap rann omaj pou kontribisyon enpòtan yo pote nan dinamik devlòpman literati ak lang kreyòl.
1- Jean Bernabé (1942 - 2017): Se ekriven, lenguis, yonn nan majòjon mouvman « Kreyolite » bò kote Patrick Chamoiseau ak Raphaël Confiant. Kòm pwofesè inivèsite, li travay anpil lakay li Matinik an favè lang kreyòl nan Inivèsite ak nan lekòl.
2- Ernst Mirville (1940 - 2021) : Ekriven, yonn nan fondatè Mouvman Kreyòl Ayisyen / Sosyete Koukouy avèk konpayèl li Henry Claude Daniel (Jan Tanbou) ak Jean Marie Willer Denis (Jan Tanbou). Lenguis, teyorisyen kreyolis, doktè Mirville te manm Akademi Kreyòl Ayisyen.
3- Danielle de St – Jorre (1941 - 1997) : Lenguis, diplomat, anseyan…, li mennen divès batay pou valorizasyon lang kreyòl nan peyi Sesèl (Seychelles). Li se yonn nan majòjon Bannzil kreyòl ki tabli 28 oktòb, depi 1941, Jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl.
4- Pierre Michel Chéry (1952 - 2024) : Kreyolis, ekriven, se yonn nan ekriven ayisyen ki pibliye plis woman nan lang kreyòl. Li te manm Akademi Kreyòl Ayisyen, kote li te ranpli fonksyon Sekretè jeneral enstitisyon an. An 2020, li te yonn nan ekriven alonè nan Festival Entènasyonal Literati Kreyòl.
5- Georges Castera (1936 - 2020) : Yonn nan powèt ayisyen ki pibliye plis rekèy nan lang kreyòl. Avèk Georges Castera pwezi kreyòl ayisyen an konnen yon eklatman tematik, renouvo estetik estwòdinè ki etann enfliyans powèt la sou plizyè jenerasyon. An fevriye 2020, nan okazyon Jounen entènasyonal lang manman, Akademi Kreyòl Ayisyen te onore Georges Castera pou kontribisyon l nan devlòpman literè lang kreyòl.
6- Félix Morisseau Leroy (1912 - 1998) : Yo konsidere l kòm papa pwezi kreyòl ayisyen an. Se ekriven ayisyen ki pibliye pou premye fwa yon rekèy pwezi konplè nan lang kreyòl, “Dyakout”, 1951 - 53. Gran defansè lang kreyòl, zèv Morisseau Leroy yo touche plizyè kategori literè tankou teyat ak kont. Li te manm Sosyete Koukouy, branch Miyami.
On s'en fout ! Ce n'est pas LE SUJET DE L'ARTICLE. Lire la suite
Sauf que Judas vend Jésus et que c'est Pierre qui prétend ne pas le connaître.....
Lire la suite
...la castration, nous dit Yeg-Yug-Troyag. EVIDEMMENT IL S'AGIT D'UNE ENIEME ANERIE ! Lire la suite
Qu'est ce que c'est que cette histoire à la con de "civilisation ARABE(notons -le) conquérante"?< Lire la suite
Les bougres er bougresses de PEYI-A sont de fieffés hypocrites. Tout le monde sait ça ! Lire la suite
C'est dramatique, mais cette vidéo fait bien rire.
Lire la suite
C'est toi qui ne sait pas compter, mon gars. Lire la suite
Les Sahéliens devraient "pardonner" aux Algériens ?
Lire la suite
Tu chipotes sur le nombre d'années pendant lesquels TES ANCETRES ont été mis en esclavage ? Lire la suite
Les Européens n'ont JAMAIS esclavagisé les Africains "pendant 3 siècles aux Antilles" .
Lire la suite