Ak plis pase 60% popilasyon kreyolofòn ki nan Karayib la, Ayiti reprezante pi gwo moso nan kreyolofoni an. Toupatou nan rejyon karayibeyen an (Matinik, Gwadloup…) ak nan Oseyan endyen (Lil Moris, Sechèl…), ekriven yo pa sispann pwodui pou yo anrichi memwa literè lang kreyòl epi konsa, moutre posibilite ak kapasite bèl patrimwàn lenguistik ansestral nou an pa gen limit. Festival Entènasyonal Literati Kreyòl (FEL) pran nesans nan lide pou kreye plis espas rankont ak boukantay ant ekriven, lenguis, powèt, atis, entèlèktyèl kominote kreyolofòn sa yo, fasilite difizyon ak pwomosyon liv kreyòl nan mond kreyolofòn nan, fè konnen otè ak liv ki make istwa ak evolisyon literè lang kreyòl. Atravè « Dyaspowèm » FEL ajoute nan pwogramasyon li depi 2021, nou rive kreye yon espas espesyal pou kreyatè kreyolofòn kominote sila yo k ap evolye nan lòt peyi.
Premye evènman literati kreyòl nan Karayib la ak nan Oseyan endyen, Festival Entènasyonal Literati Kreyòl se yon inisyativ Association FEL Caraïbes an patenarya ak Fondation Maurice Sixto, Organisation Martiniquaise pour le Developpement des Arts et de la Culture (OMDAC), Sosyete Koukouy, Akademi Kreyòl Ayisyen, Espas Kreyòl ak Eritaj Kilti Kreyòl ki baze nan peyi Etazini. Depi 2019, se kreyolis, powèt ayisyen Anivince Jean Baptiste k ap prezide evènman an.
Pou 6èm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl (FEL 2024) se Pòtoprens ak vil Gonayiv k ap genyen pou akeyi diferan aktivite nou yo soti 3 pou rive 8 desanm 2024 la. Twa ekriven alonè : Doktè Serge Madhère (Ayiti), powèt, estatisyen ; Michel Ducasse (Lil Moris), powèt, jounalis, tradiktè literè ; Lyonel Desmarattes (Ayiti), ekriven, jounalis, tradiktè literè, manm Akademi Kreyòl Ayisyen.
Ekriven ki alonè nan Festival Entènasyonal Literati Kreyòl depi 2019
Chak ane, Festival Entènasyonal Literati Kreyòl mete pwojektè sou de oubyen twa pèsonalite, kote li onore yo pou travay yo ak kontribisyon yo nan dinamik pwomosyon ak devlòpman literati kreyòl. Se okazyon kote festival la asire pwomosyon zèv pèsonalite sa yo epi envite piblik la (re) dekouvri travay yo. Men pèsonalite literè ayisyen ak etranje ki pote deja chapo « Envite alonè » depi kreyasyon evènman an :
2019 : Manno Ejèn, powèt (Ayiti - Kanada) ; Hilario Batista Félix (Kiba), powèt, responsab Depatman kreyòl nan Radyo Leta La Havana Cuba; Yves Marie Seraline (Matinik), ekriven, enjenyè kiltirèl;
2020 : Raphaël Confiant (Matinik), ekriven; Pierre Michel Chéry (Ayiti), ekriven, manm Akademi Kreyòl Ayisyen, kreyolis; Jean Euphèle Milcé (Ayiti), ekriven ; Rodolphe Mathurin (Ayiti), ekriven, pwofesè ;
2021 : Jude Duranty (Matinik), ekriven, kreyolis; Lyonel Trouillot (Ayiti), ekriven, majòjon Atelye jedi swa ; Ena Eluther (Gwadloup), ekriven, doktè nan literati… ;
2022 : Jo – Anne S. Ferreira (Trinidad & Tobago), lenguis, mèt konferans nan inivèsite Uwi ; Guy Gérald Ménard (Ayiti), powèt, nouvelis, pwofesè nan inivèsite Leta Ayiti, manm Akademi Kreyòl Ayisyen; Grégory Rabess (Ladominik), chantè, konpozitè, ekriven...
2023 : Jean Dédé Dorcély (Ayiti), ekriven, atispent, fondatè branch Sosyete Koukouy Santo ; Gregory Rabess (Ladominik), chantè, konpozitè, ekriven ; Vye Ewòl (Ayiti), powèt, responsab Medikaplant, pwofesè inivèsite nan Florid.
...nous autres, Antillais ! Il n'y a jamais eu de Juifs ni de musulmans chez nous. Lire la suite
T'as pas vu qu'elle écrit avec des pattes de mouche ? Lire la suite
Souvent les personnes qui veulent oeuvrer pour le bien commun sont modestes.
Lire la suite
Marrante cette franco-tunisienne qui prétend lutter "contre toute les formes de racisme et de dis Lire la suite
...veut nous dire qu’en matière de génocides, les 1ères colonisations françaises, sur le continen Lire la suite
...tout cela. Lire la suite
...il m’a été donné de constater dans les années 1980*, pendant mes études de droit sur le campus Lire la suite
Ti pé traduire pou' moi, sitèplé !
Lire la suiteJe répond à cet étron qui comme marco rubio se glorifie des crimes de ces
Lire la suite
...l'article ce truc de "Français qui ont commencé avant les Allemands" ? Lire la suite