Men ki jan yon bank fransè pran Ayiti - The New York Times

Pandan bank yo rele C.I.C. a t ap ede finanse Tou Efèl la, li t ap pran plizyè milyon dola ann Ayiti. Yo detwi achiv yo, men jounal New York Times suiv tras lajan an.

Chak fraz nan kat envitasyon an fini ak yon kout plim elegan, de twa chema bèl ekriti ki ale ak yon sware kote moun pral manje, danse epi gade fedatifis nan Palè Nasyonal d Ayiti.

Dèt te fin kofre peyi a pandan plis pase yon demi syèk. Malgre Ayiti te fin fè lagè pou met kolon yo deyò pou l gen endepandans li, Lafrans fòse Ayiti peye ansyen mèt esklav yo yon dèt ki egal a plizyè santèn milyon dola, yon ranson pou yon libète Ayiti te deja genyen nan batay.

Men pandan sware 25 septanm 1880 an, sanble Ayiti ta pral kapab fin peye dèt li. Ayiti pa t ap oblije sot nan yon kriz ekonomik al tonbe nan yon lòt, pandan l ap veye kote bato degè fransè ap soti. Lysius Salomon, nouvo prezidan an, rive reyalize yon bagay peyi a pa t janm te ka reyalize depi fondasyon nasyon an.

Prezidan an di envite l yo: “Peyi a pral gen yon bank kounye a,” pandan li leve vè l anlè pou l selebre moman sa a. Nan menm moman an, kèk sòlda ak balèn nan men yo t ap fè parad nan lari a ki te dekore ak kèk gwo drapo.

Image

Lysius Salomon

Lysius SalomonCredit...Cannaday Chapman

Lysius Salomon

Prezidan Salomon te gen rezon pou li optimis. Se bank nasyonal ann Ewòp ki te konn finanse konstriksyon ray tren ak faktori, amòti efè kriz ekonomik yo epi kite leta fè travay li ak kè poze. Bank yo te ede mete aktivite nan yon vèsyon vil Pari ki estwòdinè, yon kote moun jwenn dlo pwòp, yon kote ki gen tourego, gran wout, envestisman ki kab kontinye bay rannman pandan plizyè ane.

ImagePari an 1889.

Pari an 1889.Credit...Getty Images

Pari an 1889.

Kounye a, se te tou pa Ayiti. Prezidan Salomon te rele sa “yon gwo evènman ki pral antre nan istwa nou.”

Tout sa se te yon rèv.

Bank Nasyonal d Ayiti a moun te mete anpil espwa sou li jou swa sa a, se non nasyonal la sèlman bank lan te pote. Bank santral la pa t janm yon zouti pou sove Ayiti, depi lè yo te fenk kreye li, li te sèvi kòm zouti pou envestisè fransè epi se te yon mwayen pou Lafrans kontinye toufe yon ansyen koloni pou yon lòt syèk ankò.

Se yon bank Pari yo rele Crédit Industriel et Commercial ki te kreye Bank santral d Ayiti. Nan menm epòk konpayi sa a t ap ede finanse Tou Efèl la, youn nan moniman ki gen plis renome nan lemonn, yon moniman ki reprezante libète Lafrans, se toufe li t ap toufe ekonomi Ayiti a. Li pran yon bon valè nan lajan ti peyi sa a ki fenk fonde li voye Pari epi diminye kapasite peyi a pou li bati lekòl, lopital ak lòt sèvis piblik ki enpòtan pou yon peyi endepandan.

Crédit Industriel yo rele C.I.C. an Frans, se yon branch $355 milya dola ki fè pati youn nan pi gwo gwoup antrepriz finansye ann Ewòp. Men aksyon li ann Ayiti vin ajoute sou yon eritaj ki paralize peyi a, nan pran lajan peyi a voye aletranje, nan rache lespwa peyi a.

Ayiti se te premye peyi modèn ki genyen endepandans li apre esklav li yo revòlte epi se premye peyi you ki mare anba dèt pandan plizyè jenerasyon nan kad reparasyon gouvènman fransè a te egzije l pandan majorite 19èm syèk la.

Epi kou Ayiti te prèske fin peye lajan sa a, Crédit Industriel ak bank nasyonal li a, enstitisyon sa yo ki te pwomèt peyi a ap endepandan nan afè finans, vin bloke Ayiti nan yon nouvo toubiyon dèt pou plizyè dizèn ane.

Lelit fransè, pami yo desandan youn nan mèt esklav ki te pi rich nan istwa peyi d Ayiti, t ap kontwole Bank Nasyonal Ayiti a depi kote yo te ye nan kapital peyi Lafrans. Rejis kontablite bank lan pa montre li fè okenn envestisman nan antrepriz ann Ayiti, ale wè pou envestisman nan kalite pwojè gran anbisyon tankou sa ki te ede modènize Ewòp yo.

O kontrè, dokiman orijinal jounal New York Times dekouvri montre Crédit Industriel t ap pran plizyè milyon dola ann Ayiti mete nan pòch envestisè fransè.

Bank nasyonal Crédit Industriel te kreye a fè gouvènman ayisyen an peye pou chak tranzaksyon yo fè nan bank lan. Envestisè fransè yo si tèlman fè kòb nan kèk ane, pwofi yo fè te depase bidjè total travo piblik leta ayisyen pou yon peyi ki gen 1.5 milyon moun.

Istwa sa a prèske fin efase. Save yo di pi fò achiv istorik bank lan fin detui, e Ayiti pa parèt okenn kote nan kwonoloji evènman yo te itilize pou yo pale de istwa Crédit Industriel kòm pi ansyen bank an Frans ki konn prete moun lajan. Lè konpayi an te peye pou fè prepare yon rapò ofisyèl pou fete 150yèm anivèsè li an 2009, se apèn si yo te mansyone Ayiti. Nicolas Stoskopf, save ki te ekri rapò sa a, rele konpayi a “yon bank san memwa”.

Image

Yon sikisal Crédit Industriel  Dijon. Yo bay konpayi sa a non “yon bank san memwa.”

Yon sikisal Crédit Industriel  Dijon. Yo bay konpayi sa a non “yon bank san memwa.”Credit...Dmitry Kostyukov for The New York Times

Yon sikisal Crédit Industriel  Dijon. Yo bay konpayi sa a non “yon bank san memwa.”

Yon pòt pawòl bank lan di bank lan pa t gen okenn enfòmasyon sou peryòd sa a epi li rejte plizyè demann pou li pale de sa. Paul Gibert, pòt pawòl la di: “Bank n ap jere jodi a diferan anpil.”

Jodi a, jan yo asasinen prezidan ayisyen an kareman anndan chanm li, fenomèn kidnapin nan, zòn bandi san fwa ni lwa nan kapital la, tout sitiyasyon sa yo vin mete yon nouvo ijans nan yon kesyon k ap toumante peyi oksidantal yo depi lontan: Pou ki sa Ayiti sanble bloke nan kriz vitam etènam, avèk yon to analfabèt enkwayab, salè $2 dola ameriken pa jou, grangou ak maladi? Yon peyi san transpò piblik, san elektrisite fyab, san sistèm pou ranmase fatra, san sistèm tourego?

Se sèten koripsyon an pèmanans lakay lidè ayisyen yo se yon pati nan nenpòt repons pou kesyon sa a. Men moun kab jwenn yon lòt pati nan repons lan nan dokiman yo bliye depi lontan epi ki gaye nan achiv, nan bibliyotèk toupatou ann Ayiti epi an Frans.

Jounal New York Times feyte plizyè tèks 19yèm syèk, dosye diplomatik ak dokiman labank istoryen te etidye raman, si jamè istoryen te etidye yo vre. Lè w met tout ansanm, dokiman sa yo montre a klè Crédit Industriel ki t ap travay avèk manm kòwonpi nan lelit ann Ayiti a, pa t kite peyi a ak anyen pou li te ka mache, ale wè pou konstwi yon nasyon.

Nan kòmansman 20yèm syèk la, mwatye nan enpo Ayiti pran sou kafe, kòm revni ki pi enpòtan pou peyi a, te al jwenn envestisè fransè nan C.I.C. ak Bank Nasyonal la. Apre yo te fin retire lòt dèt Ayiti te genyen, se yon ti monnen ki te rete pou leta. Se 6 santim sou chak $3 dola leta te ranmase, se ak sa sèlman leta t ap fè peyi a mache.

Dokiman sa yo ede esplike pou ki sa Ayiti te rete sou kote pandan yon peryòd ki te si rich avèk modènizasyon ak optimis ki fè Ameriken te rele epòk sa a Laj Dò, Fransè te rele l Bèl Epòk. Epòk sa a ki te bay anpil ranman an te bon pou ni gran peyi byen lwen yo ni vwazen ayiti yo ki te sou wout devlopman malgre sa Ayiti pa t gen anpil lajan pou l envesti nan bagay ki pi nesesè yo tankou dlo tiyo, kouran oswa edikasyon.

Dega sa a ta pral dire lontan. Pandan plis pase 30 an, envestisè fransè yo te fè $136 milyon dola pou pi piti nan sa dola a vo jodi a nan Bank Nasyonal d Ayiti a. Se apeprè menm valè lajan enpo peyi a te antre pou tout yon ane nan epòk sa a, dapre sa dokiman yo montre.

Jounal New York Times fè verifye metòd li ak sous enfòmasyon li pou tout kalkil sa yo avèk èd kèk istoryen ekonomis avèk kèk kontab. Istoryen ekonomis Éric Monnet ki travay nan Lekòl Ekonomi Pari a rezime wòl Bank Nasyonal la kòm yon “dappiyanp”.

Lè w ajoute tout pèt sa yo Ayiti fè yo sa pi mal toujou: Si richès sa a yo souse nan Bank Nasyonal d Ayiti a te rete nan peyi a, li te ka ajoute omwen $1.7 milya dola nan ekonomi peyi d Ayiti. Sa t ap plis pase tout lajan leta te antre pandan ane 2021 an.

Epi se si lajan sa a te tou senpleman rete nan ekonomi ayisyèn nan, pou l ta ap mache al jwenn plantè, travayè, ak machann nan peyi a, san yo pa envesti l nan bati pon, lekòl oswa nan faktori, bagay ki ede peyi pwospere.

Sa ki pi enpòtan toujou, domaj Bank Nasyonal d Ayiti a sibi a vini apre yo lonje plizyè pèman pandan plizyè jenerasyon bay ansyen mèt esklav, sa lakòz ekonomi Ayiti a pèdi jiska $115 milya dola pandan dènye 200 ane yo.

Sa pa t pran tan apre fedatifis ak gwo fèt nan palè a pou Ayisyen reyalize te gen yon bagay ki pa t nòmal. Bank Nasyonal la t ap pran tèlman anpil lajan epi sa li te bay an retou a te tèlman piti, Ayisyen prese rele l “Labastiy finansye a,” tankou prizon gran renome a ki te vin yon senbòl monachi diktati fransè a.

Nan yon ti liv Edmond Paul, yon politisyen ayisyen ki ekonomis tou, ekri sou Bank Nasyonal la an 1880, li di Bank Nasyonal la: “Èske sa pa dwòl, pou yon bank ki swadizan vin ede yon kès piblik ki mèg, olye l mete lajan nan kès la se pran li pran tout sa ki ladan?”

Image

Pari pandan Belle Époque la, yon peryòd pwosperite pou Lafrans nan fen 19yèm syèk ak kòmansman 20yèm syèk. 

Pari pandan Belle Époque la, yon peryòd pwosperite pou Lafrans nan fen 19yèm syèk ak kòmansman 20yèm syèk. Credit...Getty Images

Pari pandan Belle Époque la, yon peryòd pwosperite pou Lafrans nan fen 19yèm syèk ak kòmansman 20yèm syèk. 

Prezidan Ayiti a pa t sèl moun ki te gen gran aspirasyon. A Pari, Henri Durrieu, prezidan Crédit Industriel la, te gen anbisyon pa l tou.

Durrieu pa t fèt nan lajan. Li te kòmanse karyè li kòm pèseptè enpo, menm jan ak papa l, anvan l al fè wout pa l nan karantèn li pou l al travay nan yon nouvo bank, C.I.C. Men premye ane yo te difisil anpil. Se bank sa a ki te parèt ak kont kouran an Frans, men nouvote sa a potko byen pran; epi, vè 1870, konpayi a rete bloke nan dezyèm klas sistèm finans fransè a.

Men, Crédit Industriel te benefisye yon avantaj. Se bank sa a pi fò boujwazi katolik peyi a te pi renmen, kliyan ki te gen lajan pou yo envesti e ki t ap tann lajan an fè pitit.

Image

Henri Durrieu

Henri DurrieuCredit...Cannaday Chapman

Henri Durrieu

Durrieu ki te toujou renmen pran risk, pran enspirasyon nan bank leta nan koloni fransè tankou Senegal ak Matinik. Li menm ak kòlèg li yo te enterese anpil ak lide “kreye yon bank nan peyi rich sa yo men ki lwen,” jan yo te dekri sa nan nòt ki ekri alamen jounal New York Times jwenn nan Achiv Nasyonal Lafrans.

Alafen, fondatè Bank Nasyonal d Ayiti yo di mòd bank sa yo, “bay bon jan rezilta an jeneral.”

Ayiti, “yon peyi ki fèk ap aprann afè kredi, yon peyi moun konnen ki gen richès,” dapre konklizyon dirijan reskonsab bank nasyonal yo, te sanble yon bon kote pou pran chans.

“Richès” ta sanble yon mo dwòl pou yon bankye parizyen itilize pou l dekri Ayiti nan epòk sa a. Pòtoprens, kapital peyi a, te anvayi ak fatra ak twalèt moun ki vin chwe nan waf la. Yo te si tèlman neglije lari yo ak enfrastrikti yo, Ayisyen te gen yon pwovèb ki di: “Pase akote yon pon, men pa janm travèse l.”

Men malgre Ayisyen te pòv, Ayiti te ka fè w rich. Jan diplomat anglè Spenser St. John te ekri an 1884: “Pa gen okenn peyi ki gen pi gran kapasite, oubyen yon pi bon pozisyon jewografik, oubyen pi plis varyete tè, pi plis varyete klima oswa pi plis varyete pwodiksyon.”

Mèt esklav te pran richès sa yo pou tèt yo, premyèman avèk baton, apre sa avèk yon flòt bato lagè fransè, pou yo mande dedomajman pou plantasyon yo, pou tè epi pou lòt pwopriyete Lafrans te konsidere l pèdi: pèp ayisyen an. Se te premye fwa, epi sèl fwa plizyè jenerasyon moun lib te oblije peye pitit pitit moun ki te mèt esklav yo.

Senkant an apre, Durrieu ak C.I.C. abòde Ayiti avèk yon taktik diferan: kòm yon asosye dafè k ap lonje men ba li.

Image

Yon mache Pòtoprens an 1922.

Yon mache Pòtoprens an 1922.Credit...Getty Images

Yon mache Pòtoprens an 1922.

Durrieu te konn kouman pou l vann yon rèv.

Senk an anvan, C.I.C. ak yon asosye ki te fè fayit te prete Ayiti 36 milyon fran, apeprè $174 milyon dola nan lajan jodi a. Lajan an se te pou fè pon, bati mache, bati ray tren ak fa pou batiman.

Se te epòk y ap fè envestisman tou patou nan lemonn. Angletè bati nouvo lekòl epi fè lwa ki egzije tout moun al lekòl. Pari ouvè yon kanal dlo 156 kilomèt, k ap pote dlo pou moun bwè nan kapital la. Nan Nouyòk, yo kòmanse fè pon Brooklyn sou East River a, se te yon pwojè estwòdinè enjenyè te fè ki ta pral transfòme ekonomi vil la pou tout tan.

Anwetan lòt depans, Ayiti mete 20 pou san apa nan lajan yo te prete nan men Lafrans pou in peye ansyen mèt esklav yo, dapre sa ki make nan kontra pou yo prete lajan an.

Selon previzyon rapò anyèl gouvènman ayisyen an te fè pou ane: “Peyi a ap resi soti nan kondisyon mal alèz sa a.” Epi gouvènman an di: “Finans nou pral pwospere.”

Sa pa janm rive. Depi nan kòmansman, bankye fransè yo pran 40 pou san nan lajan yo prete Ayiti a kòm komisyon ak frè. Rès lajan an yo peye ansyen dèt avè li, oubyen lajan sa a disparèt nan pòch politisyen konwonpi.

An 1877, yon senatè ayisyen deklare: “Yo pa t rive reyalize okenn nan objektif yo.” Apre sa li di: “Nou dwe plis pase sa nou te dwe anvan.”

Prè Ayiti fè an 1875 nan men Crédit Industriel ak patenè li a kite 2 gwo eritaj nan peyi a. Premyèman se sa ekonomis Thomas Piketty rele tranzisyon soti nan “kolonyalis brital” rive nan “neyokolonyalis pa mwayen dèt.” Ayiti vin pran plizyè milyon kòm nouvo enterè, ak espwa pou l wete fado peye ansyen mèt esklav li yo sou do li finalman.

Konsa, lajan prete sa a ede pwolonje mizè Ayiti pou dèt li anvè Lafrans. Anpil ane apre ansyen fanmi ki te mèt esklav yo konsidere yo fin peye yo dèt la, Ayiti va toujou ap kontinye peye. Men kounye a se Crédit Industriel sèlman y ap peye.

Natirèlman, lidè ayisyen yo pataje reskonsablite sa a tou, epi gen kèk save ki di lajan sa a Ayiti te prete a demontre politisyen pi enterese met lajan nan pòch yo pase yo devlope nasyon yo.

Efè dezyèm eritaj la te pi sibit. O kòmansman lajan sa a Ayiti te prete a te oblije gouvènman ayisyen an peye C.I.C. ak patenè li yo prèske mwatye tout taks gouvènman an te pran sou sa moun t ap espòte, tankou kafe, jiskaske yo te fin peye dèt la, ki fè sa t ap toufe premye sous lajan nasyon an te genyen.

Sa se te premye etap la, ki bay Durrieu ak bank fransè a tout pouvwa sou avni finansyè peyi d Ayiti. Tousuit apre li met lide l sou plis toujou.

Image

Bank Nasyonal d Ayiti an 1907.

Bank Nasyonal d Ayiti an 1907.

Bank Nasyonal d Ayiti an 1907.

Ayiti t ap eseye ouvè yon bank nasyonal pandan plizyè ane. Moun ki te la anvan Salomon an te menm achte yon kòfrefò pou bank lan. Men an 1880, plan Ayiti pou l gen endepandans finansyè li te tonbe daplon ak plan Durrieu a.

Kontra ki kreye Bank Nasyonal d Ayiti a te bay anpil piyay. Durrieu ak kòlèg li yo pran kontwòl finans peyi a, tankou enprime lajan, ranmase lajan enpo epi peye salè anplwaye gouvènman an. Chak fwa gouvènman ayisyen an depoze lajan oubyen peye yon bòdwo, Bank Nasyonal la pran yon komisyon sou tranzaksyon an.

An ka ta gen okenn dout sou kote lajan sa a prale, kontra a make Bank Nasyonal d Ayiti a pral anrejistre an Frans epi bank lan p ap peye enpo ann Ayiti, ni li p ap sou zòd lwa Ayiti yo. Yo te bay manm komisyon bank lan Pari tout pouvwa. Ayiti pa t gen lapawòl nan jesyon bank nasyonal pa li a.

Biwo santral bank lan, ki te nan menm biwo santral ak Crédit Industriel, te nan nevyèm awondisman Paris, tou pre teyat opera estravagan ki rele Palais Garnier a.

Durrieu te premye dirijan komisyon an ki te gen ladan kèk bankye fransè, ak kèk biznismann, te gen Édouard Delessert, pitit pitit pitit gason Jean-Joseph de Laborde, youn nan pi gran pwopriyetè esklav nan istwa koloni Ayiti.

Kèk nòt moun ekri alamen ki soti nan Bank Nasyonal la montre ki moun ki te an kontwòl bank lan. Dapre sa Asosiyasyon Finansyè Pari a ekri an 1896: “Bank Nasyonal d Ayiti a se yon enstitisyon finansyè fransè ki gen katye jeneral li Pari, ki ouvè pou moun ki gen sètifika epay Pari. Biwo li yo ki ann Ayiti se kèk sikisal bank lan, men se sou kontwòl katye jeneral la biwo sa yo ye.”

Durrieu pran chans li epi sa mache pou li. Nan yon epòk kote yon envestisman franse te bay apeprè 5 pou san enterè, manm komisyon bank lan ak envestisè Bank Nasyonal d Ayiti a t ap fè apeprè 15 pou san pa ane, dapre analiz New York Times fè sou dosye bank lan. Gen kèk ane, enterè a te prèske rive a 24 pou san.

Durrieu te fè anpil lajan. Kontra li ak Ayiti te ba l plizyè milye aksyon espesyal nan Bank Nasyonal la, aksyon sa yo vo plizyè milyon dola selon valè lajan an jodi a.

Menm ane li fonde Bank Nasyonal d Ayiti a, yo nonmen li kòmandan Legion d’Honneur, se yon grad yo bay moun ki fè bon sèvis nan peyi Lafrans.

Image

Pòtre manm gouvènman ayisyen an an bwa an 1892. 

Pòtre manm gouvènman ayisyen an an bwa an 1892. Credit...Getty Images

Pòtre manm gouvènman ayisyen an an bwa an 1892. 

Paske Ayiti ta dakò ak move kondisyon sa yo, sitou nan men menm bank Ayiti te deja prete lajan epi pou jan moun t ap pale tranzaksyon sa a mal an piblik, sa montre jan Ayiti te dezespere. Men sa revele tou yon kategori moun ki toujou prezan nan istwa peyi d Ayiti: moun nan sosyete ayisyèn nan ki toujou ap panse a tèt yo epi k ap pwofite pandan peyi yo ap soufri.

Nan ka bank nasyonal la, moun ki te reskonsab negosye pou peyi d Ayiti a se yon mesye ki te rele Charles Laforestrie, yon fonksyonè ayisyen ki pase pi fò tan nan lavi li nan vil Pari. La Petite Presse, yon jounal fransè, dekri mesye sa a alepòk kòm yon moun “chans te toujou kenbe men l pou al lage l nan bèl pozisyon nan gouvènman an.”

Lè bankye parizyen yo te fè yon fèt pou selebre tranzaksyon Crédit Industriel te fè ak Ayiti an 1875 lan, Laforestrie debake nan fèt sa a an gran jan. Nan menm epòk sa a kote plantè kafe ann Ayiti t ap elve pitit yo ak 70 kòb pa jou, Laforestrie debake nan fèt la byen abiye, l ap fè moun kado siga ki koute chè, selon esplikasyon Paul, yon ekonomis ayisyen ki t ap dekri gran fèt sa a kèk ane pi ta.

Dapre sa yon diplomat make nan nòt li te ekri, prezidan Ayiti a lonmen non Laforestrie nan fèt ki fèt nan palè a pou selebre tranzaksyon an. Men Laforestrie pa t ret lontan nan peyi a. Lè moun kòmanse ap diskite jan tranzaksyon sa a pa t bon pou peyi a li te gen tan pati. Apre tout akizasyon koripsyon kont li, li kite djòb la epi li pran retrèt li nan peyi Lafrans.

Moun k ap kritike Laforestrie mansyone jan li pran retrèt li ak yon bèl pansyon nan men leta ayisyen. Apre sa li vin ajoute sou konfò retrèt sa a ak yon pozisyon kòm: manm komisyon Bank Nasyonal d Ayiti a.

“Se pa premye ka kote ofisyèl ayisyen vann enterè peyi yo pou avantaj pèsonèl yo,” dapre Georges Michel, yon istoryen ayisyen. Li ajoute: “Mwen ta di se kon sa menm bagay yo ye.”

Se poutèt sa, kèk istoryen di, Ayisyen pa ka blame Fransè oswa Ameriken kòm kwa se ta yo sèlman ki ta konplis nan malè peyi a.

Mesye Michel di: “Gen lòt moun ki te trayi yo, epi kèk gouvènman etranje trayi yo tou.”

Tousuit apre yo fin limen bèl fedatifis nan Palè Nasyonal la, Ayisyen yo kòmanse reyalize yo fè yon move afè.

Bank Nasyonal la pa ofri ni pèp ayisyen ni biznis yo chans pou yo ouvè kont d epay. Malgre kontra a make bank lan dwe kapab prete biznis yo lajan, sa te klè Ayisyen yo te swete bank lan ta pral prete yo lajan, dapre dosye bank lan ki soti nan yon achiv Woubè, Lafrans, dosye a montre se raman yo te konn prete moun lajan, si yo te prete moun lajan.

Men sa Frédéric Marcelin, sekretè finans Ayiti, ekri epòk la: “Se pa sou Bank Ayiti a, jan l ap fonksyone a, pou Ayisyen konte pou fè devlopman nan peyi yo.”

Image

Frédéric Marcelin

Frédéric MarcelinCredit...Cannaday Chapman

Frédéric Marcelin

Marcelin se te yon mesye ki gen moustach ki te pitit yon kòmèsan ayisyen. Se li ki te pi kanpe kont bank lan. Marcelin te biznismann, li te jounalis epi li te politisyen tou, li fè anpil ane ap eseye wete kontwòl bank lan nan men Pari.

Relasyon ant bank lan ak peyi d Ayiti te si tèlman tèt anba, Marcelin ekri: “Nan Bank Nasyonal d Ayiti a, sèl djòb yo kite pou Ayisyen se djòb kesye.”

Image

Biwo santal bank Crédit Industriel et Commercial  Paris

Biwo santal bank Crédit Industriel et Commercial  ParisCredit...Mauricio Lima for The New York Times

Biwo santal bank Crédit Industriel et Commercial  Paris

Dezyèm mwatye 19yèm syèk la te dwe bay Ayiti yon kokennchenn opòtinite. Te gen gran demann pou kafe tou patou sou latè, epi se sou sa ekonomi Ayiti a te chita.

Anfas la sou lanmè Karayib la, Kostariken yo t ap sèvi ak lajan yo fè nan lavant kafe pou bati lekòl, fè sistèm tourego, epi devlope premye sistèm kouran elektrik leta nan Amerik Latin.

Kontrèman ak Kostarika, Ayiti te sèvi ak prèske tout lajan li te fè nan enpo li te pran sou kafe a pou l peye Lafrans, premyèman pou peye ansyen kolon li yo, apre sa pou peye Crédit Industriel.

Malgre tout sa, Ayiti te toujou gen yon ekonomi karayibeyen ki te pasab, gras a bon pri kafe a. Men lè pri kafe a tonbe nan ane 1890 yo, enpo sou kafe a depase pri kafe a. Tout sistèm ekonomi an te prèske fè fayit.

Li te lè pou Ayiti al prete plis lajan toujou: 50 milyon fran (apeprè $310 milyon dola jodi a) nan men Bank Nasyonal d Ayiti a an 1896. Yon lòt fwa ankò, se enpo sou kafe a ki te sèvi kòm garanti pou lajan sa a Ayiti t ap prete a, se sous lajan peyi a te pi kab konte sou li.

Ayisyen pòv pandan plizyè jenerasyon. Men moman sa a, kote peyi a te makònen ak kafe, ak C.I.C. epi ak Bank Nasyonal la, se lè sa a Ayiti kòmanse bese toutbon vre an konparezon ak rès peyi nan rejyon an. Analiz sa a apiye sou done Victor Bulmer-Thomas, yon ekonomis anglè ki fè anpil etid sou istwa karayib la, ranmase.

Li di: “Ayiti fè anpil erè,” peyi a pran nouvo dèt epi li pa envesti nan lòt aktivite pou elaji ekonomi li. Li ajoute: “Men pa gen okenn dout, anpil nan pwoblèm peyi a kòmanse nan 19yèm syèk la epi li kontinye. Se pouvwa enperyalis yo ki lakòz sa.”

Henri Durrieu mouri an 1890, anvan bank nasyonal li te kreye a tonbe.

An 1903, otorite ayisyen yo te akize bank lan poutèt li t ap fè magouy nan jan l t ap fè gouvènman ayisyen an peye pou tranzaksyon li yo nan bank lan. Bank lan t ap fè Ayiti peye enterè 2 fwa epi tranzaksyon bank lan pa t nan enterè peyi a. Men bank lan te raple otorite yo yon detay enpòtan, se nan peyi Lafrans bank lan te anrejistre, epi li te konsidere ka kon sa pa te sou jiridiksyon tribinal ann Ayiti.

San sa pa deranje l, Marcelin konvenk Paleman an pou l repran kontwòl trezò piblik la. Ayiti t ap enprime lajan pa li epi peye dèt pa li.

Men dosye ki nan achiv diplomatik fransè yo montre Bank Nasyonal la te gen yon alye ki te gen anpil pouvwa: gouvènman fransè a.

An janvye 1908, Pierre Carteron, reprezantan Lafrans ann Ayiti a, rankontre ak Marcelin epi li ankouraje li retabli relasyon nòmal ak bank lan. Marcelin refize. Li di: si pou Bank Nasyonal d Ayiti a ta kanpe sou pye l, fò l ta kòmanse travay sou devlopman ekonomik peyi d Ayiti.

Nan yon nòt Carteron te ekri, li di: Se yon bagay ki kab posib. Natirèlman, premyèman fòk Ayiti ta remèt Lafrans kontwòl trezò piblik li. Li ajoute: “Mete sou sa ou bezwen lajan. Kote w pral jwenn lajan?”

Dapre sa Carteron ekri ak men pa li, li te sispèk Marcelin pa t ap janm dakò ak sa. Donk li ankouraje kòlèg li yo Pari pou yo prepare yon nouvo plan.

Carteron ekri: “Sa enpòtan anpil pou nou etidye ki jan pou nou etabli yon nouvo etablisman kredi fransè Pòtoprens.” Epi li ajoute: “Ki pa gen okenn koneksyon sere ak gouvènman ayisyen an.”

Nouvo enstitisyon sa a ouvè pòt li an 1910 ak yon ti chanjman nan non an: Bank Nasyonal Repiblik d Ayiti. Lafrans te gen enterè toujou nan bank lan men, apre 30 ane, Crédit Industriel et Commercial pa t la ankò. Lè sa a vin gen yon nouvo towo nan afè finans nan mond lan: Wall Street, ak yon gwoup bankye awogan ki travay nan National City Bank of New York, ki vin tounen Citigroup.

Finansye ameriken yo kontinye travay ak menm plan Durrieu yo epi se yo ki vin ap domine bank lan, sa vin mennen konsekans ki dire plis pase dèt Durrieu te ede met an plas la.

Met sou sa, Wall Street te gen yon zam ki pi pisan pase yon diplomat fransè ki t ap fè menas ki pa kanpe sou anyen. Bankye Ameriken rele zanmi yo nan Washington epi, 35 an apre bank Durrieu te ouvè a, lame amerikèn debake ann Ayiti.

Pami okipasyon ameriken yo se okipasyon Ayiti ki te dire pi plis tan nan listwa Etazini, sa te pèmèt Etazini pran kontwòl finans Ayiti epi kontwole avni Ayiti pandan plizyè dizèn ane apre.

Yon lòt fwa ankò, peyi a pran kout ba nan men enstitisyon Prezidan Salomon t ap selebre ak tout fyète jou swa sa a nan Palè a: Bank Nasyonal d Ayiti a.

Connexion utilisateur

Commentaires récents

  • Descendants d'Indiens et d'Africains, ils expulsent des migrants

    erratum..désolé

    MAMDIARRA DIAWARA

    03/05/2024 - 21:46

    ...ou ne prendre que des décisions "racialement correctes"...

    Lire la suite
  • Descendants d'Indiens et d'Africains, ils expulsent des migrants

    Sunak est habilité a expulser des indésirables

    MAMDIARRA DIAWARA

    03/05/2024 - 21:40

    EDOUARD: je ne suis pas d'accord avec toi sur le début de ton commentaire :.Contarirement à ce qu Lire la suite

  • 40 bébés israéliens décapités par le Hamas : le fake news du siècle

    PROFITEUR ET HYPOCRITE

    Albè

    03/05/2024 - 20:05

    Ce site a lancé moult appel à contribution depuis des années car il refuse de vivre de la publici Lire la suite

  • 40 bébés israéliens décapités par le Hamas : le fake news du siècle

    Salopard macoute à la sauce tropicale.

    MAMDIARRA DIAWARA

    03/05/2024 - 16:23

    EDOUARD ..Je te trouve bien gentil....enfin je te comprends ,tu fais semblant de ne pas comprendr Lire la suite

  • 40 bébés israéliens décapités par le Hamas : le fake news du siècle

    Mais bon...

    Edouard

    03/05/2024 - 14:53

    Albè ne semble pas concevoir qu'on puisse penser différemment. Lire la suite