Nèg Gonbolyen, yon ekriven ki angaje li pou bay lang ak kilti kreyòl la plis jarèt

èg Gonbolyen fèt nan nan vil Okap nan lane 1958. Manman l ak papa l ki se Gabriel G. Daniel ak Anne Véronne Alphonse te ba li non Gary Stanislas Daniel. Men li menm li te vin bay tèt li non vanyan «Nèg Gonbolyen» an lè li te kòmanse pran konsyans egzistans li kòm bon jan Ayisyen. Li se manm Sosyete koukouy, e se yon ekriven ki pa janm sispann batay pou bay lang ak kilti kreyòl jarèt. L ap batay depi anvan li te pibliye premye liv li nan lane 1993, Etazini.

Nèg Gonbolyen se yon millitan san lanvè

Nèg Gonbolyen te kòmanse ekri depi lè li te nan klas mwayen 1 nan lekòl «République du Libéria». Nan epòk sa a, li te ekri premye atik li ki te pibliye nan «Eden Journal» ki te nan enpas Lavo. Nan lane 1979, li te voye maniskri premye rekèy li bay edisyon ki t ap mennen nan epòk la, men yo pa t pibliye l.

Se aprè rankont li ak pwofesè Charmant Theodore li te rive pibliye premye zèv li ki se : «Kanmizòl nan Peyi Gonbolyen». Aprè sa a, li sòti yon lòt liv ki gen pou tit : «Tripotay nan Peyi Gonbolyen» nan lane 1998, se Max Manigat ki te ekri prefas la. Otè a te ekri plizyè lòt zèv tankou : Litani pou Woz… ; Ti Piman Zwazo ; Foutbòl lavi 2 a 1; O Sekou !/I Can’t Breath; Twa Powèm pou Mounite Fleri; Foutbòl lavi 2 a 1- Life Soccer 2 to 1 ; Drible lavi si w kapab ? epi Moïku san “r” ”oun”.

Ekriven an te vin rete konekte ak Sosyete Koukouy aprè yon konferans Doktè Ernst Mirville te fè pou li nan Sent Lisi nan eta Florid. Nèg Gonbolyen fè konnen : «Mwen te vin louvri yon branch Sosyete Koukouy nan Tanmpa. Nan responsabilite m kòm Jeran branch sa nan vil sa a, kamarad Koukouy yo ak mwen te resevwa Ati Max Beauvoir, Doktè Balan-Gobert, Carole Demesmin epi nou te ale Atlanta nan Inivèsite Spellman ak kolaborasyon Mesye ak Madanm Declama. Nou te resevwa plizyè plimeyank ayisyen tou tankou Franketienne, Robert Large, Akademisyen Dany Laferrière, Doktè Rolande D. Dathis, Mada m Myrtho Casseus ak Anthony Phelps….»

Nèg Gonbolyen fè konnen, malgre tout travay sa yo, se pa ekri liv an kreyòl ki pemèt li rete vivan toujou. Li soulinye, se pito etid li te fè nan koze chimi li te etidye nan SUNY-Plattsburgh ak Metriz li gen nan Manadje biznis depi nan lane 2000 ki ede l konbat ak lavi.

Yon vi ak yon zèv ki pap janm mouri

Li enpòtan pou n raple, Nèg Gonbolyen te gen yon liv ki te rive tradui an anglè. Se powèt ameriken Jack Hirschman, ki metrize anpil lang, ki te fè sa pou li. Li te rankontre ak mesye sa a nan vil Nouyòk lakay defen Paul Laraque. Selon eksplikasyon Gary Daniel, tradiksyon «Gonbolyen» an bay «Okraland» nan lang anglè a paske Gonbo pou kont li vle di Okra. Kòm ameriken an te fè l konprann Gonbolyen vle di peyizan ki rete nan yon peyi kote moun pa kapab mete tèt yo ansanm pou yo viv la, li rive tradui denyè mo a kòm «Land», sa ki vin tou bay «Okraland».

Pou sa ki gen pou wè ak liv «Foutbòl lavi 2 a 1», li rakonte se yon rekèy pwezi li t ap travay sou li depi anvan li te ekri liv ki rele «Litani pou Woz la». Zèv sa daprè li, se yon fòm pwezi kote ansanm ak onz mo osnon onz silab nan pozisyon teknik foutbolistik la li kreye pwezi a kote chak fwa lektè a konprann osnon jwenn yon sans nan ak sa li ekri a li tou konsidere se yon gòl ki fèt. Selon otè a : «Powèm lan kapab gen plizyè gòl ki rive sou lektè a. Epi tou, konsa lektè a kapab ranje mo yo lòt fason pou li rive fè gòl pa li tou. Se sa ki fè, mwen te kontan dèske se Kopivit/Laksyon Sosyal ki te pibliye l pou li. Estil “Pwezigòl” la sòti nan liv sa a.» Li konfye nou, travay sa rantre nan koleksyon Koukouy kòm youn nan kat fòm pwezi nan mitan dizuit fòm pwezi kreyòl Sosyete Koukouy ap marinnen nan literati kreyòl la.

Malgre sa, Gary S. Daniel pa te rete la sèlman. Li menm ak Pyè Banbou te mete deyò «Kaye Kreyòl # 3», ak manifès « Mouvman Kreyòl / Sosyete Koukouy » la ki gen pawòl grandèt yo ladan l.

Zèv Nèg Gonbolyen yo montre klè kou klè woz yon sèl dwèt pa manje kalalou. Nan Nò peyi a, kalalou vle di gonbo. Nèg Gonbolyen pa nan fè diferans ant koulè po, relijyon ak kategori sosyal. Li bati yon zèv inik nan sousi pou montre Ayisyen linyon se sèl chimen pou chanjman. Si Ayisyen vle lavi reboujounen isiba, yo pa dwe janm sispann suiv tras pwezi nèg sa a. Paske chak mak li kite sou chimen an se yon gòl. Tankou li ta di : «Drible lavi si w kapab…».

Romy Jean François

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025

Connexion utilisateur

Dans la même rubrique

Commentaires récents

  • Une Tunisienne à la tête d’Orly : l’ascension d’Imène Souid à Paris

    Tu sais pas lire ,abruti ?

    yug

    04/04/2026 - 10:57

    J'ai écrit "Le fait pour un ANCIEN esclave ...." (voir commentaire précédent intitulé Allah akbar Lire la suite

  • Ne pas "hiérachiser les souffrances", disent-ils...

    SOUSE

    Albè

    03/04/2026 - 09:35

    An plis, sé jounalis, entélektiel, politisien, artis-nou an, sé an bann Sousè ! Lire la suite

  • Controverse Mémona Hintermann-Afféjee : « Je porterai plainte si le lycée est débaptisé »

    Le hasard n'exite pas !!

    yug

    02/04/2026 - 15:16

    MH à CNews ?? Pas l'effet du hasard !! Lire la suite

  • Une Tunisienne à la tête d’Orly : l’ascension d’Imène Souid à Paris

    LOOOL !

    Albè

    02/04/2026 - 07:08

    Donc le type est esclave et c'est à lui que l'on confie le soin de lancer l'appel de la toute nou Lire la suite

  • Une Tunisienne à la tête d’Orly : l’ascension d’Imène Souid à Paris

    Allah Akbar ? (Dieu est il si "grand" que ça ?)

    yug

    01/04/2026 - 22:25

    Le fait pour un ancien esclave ....noir évidemment (Hi Hi Hi Hi ) d'avoir été le premier muezzin Lire la suite

  • Trois-Ilets : shatta-politics blé-blan-wouj

    EST-CE CELA UN...

    Albè

    30/03/2026 - 17:30

    ...renouvellement politique en Martinique ? Je suis sidéré. Lire la suite

  • Sé li ki té ka mennen avion-an ki dépotjolé 185 manmay-lékol atè Téhéran

    Crime de guerre sanctionné.

    yug

    30/03/2026 - 15:48

    Je ne sais pas si c'est grâce à Allah ,mais c'est bien fait pour sa sale gueule.

    Lire la suite
  • Municipales 2026 en l'île aux fleurs fanées : les mots qu'on n'a pas entendus

    24%...

    Albè

    29/03/2026 - 15:16

    Le bâti (maisons, immeubles, routes etc...) ne couvre que 24% du territoire martiniquais. Lire la suite

  • Municipales 2026 en l'île aux fleurs fanées : les mots qu'on n'a pas entendus

    Superbe article !! Bande d'ordures ,va !!!!!....

    yug

    29/03/2026 - 13:41

    Superbe article ,notamment EN CE QUI CONCERNE LES PLU ET LES TERRES AGRICOLES .Ceci constitue e Lire la suite

  • Maires issus de l'immigration : la fin du « blocage », selon un démographe

    AUTOUR DU POT

    Albè

    29/03/2026 - 06:35

    Vous tournez autour du pot comme une bourrique ivre parce que vous êtes coincé. Lire la suite