"Voyé yon minis monté sé sipò objektif pou pwopagann gouvènman an"

Lyonèl Trouillot

M pa antre nan deba lengwistik ayisyen an nan dimansyon teknik li. Mwen pa gen konpetans pou sa. Kòm sitwayen  e kòm moun ki reflechi anpil sou enjistis ak inegalite sosyal, mwen gen pozisyon m sou ki politik lengwistik ki dwe patisipe nan kreyasyon yon sosyete ki va donnen plis jistis ak egalite, men se pa sou sa m ap pale jodi a.

M sezi, m estomake lè m li editoryal M. Michel Degraff nan Mew York Times kote, an bon kreyòl, li voye minis edikasyon gouvènman de fakto doktè Ariel Henry a, M. Nesmy Manigat monte kòm yon moun ki pote lespwa.

Se pa mwen ki ap aprann mesye Degraff yon minis solidè aksyon gouvènman li ladan n lan.

Gouvènman de fakto a kreye yon sitiyasyon sosyo-politik ki mete peyi a tèt anba. Sitwayen, sitwayèn nan lari, y ap fè fas ak yon represyon sovaj. Y ap mande demisyon yon pouvwa ki pa gen pyès lejitimite, ki pa regle anyen, ki lakòz tout bagay vin pi mal, ki vann lonè peyi a nan mande asistans militè etranje. Tout analiz bay gouvènman an pa gen lòt objektif ke rete sou pouvwa a, jwi tout tan sa posib e òganize ale l yon jan pou pèp la pa ka mande l kont. Ariel Henry ak sipò minis li yo prezidan-premye minis-pouvwa jidisyè-pouvwa lejislatif, l ap dirije jan l vle, refize antre nan negosyasyon serye ak fòs nan peyi a pou kriz politik la jwenn yon solisyon.

Lekòl fèmen. Gouvènman de fakto a monte pri gaz la yon wotè menm kant gaz la ta disponib pifò paran pa p ka peye transpò moto ak kamyonèt pou timoun yo ale lekòl. Kondisyon lekòl piblik yo (lekòl an jeneral) degrade. Sendika anseyan yo men nan tèt, y ap pwoteste kont anpil aksyon ak desizyon minis la.

Se nan moman sa a, M. Degraff chwazi voye minis de fakto Nesmy Manigat anlè kòm yon moun ki pran yon desizyon ki ba l espwa.  Yo di se zanmi l, yo de a se Kòkòt ak Figawo, se dwa yo. Men se ta grav, si nan non defans pwomosyon lang kreyòl, ki se kòz pèp ayisyen e pa kòz dezoutwa lengwis k ap batay pou tit chanpyon, moun ta pwofite pran defans yon pouvwa ki gen san sou men n e ki gen kont pou l rann nou sou sa li fè ak lajan n, e ki se prensipal obstak pou kreyasyon yon gouvènman tranzisyon ak konpetans ak lejitimite pou soulaje soufrans pèp la, òganize eleksyon yon gouvènman lejitim pèp la chwazi pou mennen politik k ap defann enterè l, nan domèn edikasyon kou wè lòt domèn. Editoryal mesye Degraff la parèt nan yon moman gouvènman de fakto a ap mennen yon batay pou melanje djab ak bon mas, melanje pèp k ap revandike ak gang k ap tiye pèp la. Nan yon moman kote pa gen ase enfòmasyon k ap sikile aletranje sou sa pèp la ap sibi toulejou e prensipal revandikasyon l : demisyon gouvènman de fakto a. Voye yon minis monte se yon sipò objektif pou pwopagann gouvènman an, ke w vle ke w pa vle.

Annatandan se an bon kreyòl gouvènman de fakto a bay lapolis lòd tire sou popilasyon an, se an bon kreyòl l ap gagote lajan n, se an bon kreyòl li bare wout demokrasi, sòf lè li al fè ti kriye devan etranje pou mande yo voye sòlda vin ede l rete sou pouvwa a.

Kòm sitwayen e kòm moun k ap ekri an kreyòl depi lontan, m sezi yon moun ki fè karyè al revni l nan prezante l kòm espesyalis kreyòl pran yon pozisyon ki moutre li iyoran sou sa ki pi enpòtan nan moman an oswa sa pa enterese l : djab pa djab depi djab di yon bagay ki koresponn ak pozisyon l.

Se an kreyòl nan jounen lendi 17 oktòb la te gen dizèn ak dizèn milye sitwayen nan lari peyi a k ap mande demisyon Ariel Henry, Nesmy Manigat elatriye… Nan tèt mesye Degraff se li ki espè, moun sa y o pa konn sa k bon pou yo ?

Lyonel Trouillot

 

Atelye Jedi Swa, byen konsyan wòl ekriven kapab chwazi asime nan kominote a, ap melanje vwa li ak vwa pèsonalite e enstitisyon ki opoze a tout fòm entèvansyon militè nan peyi a. Okenn solisyon swadisan « imanitè » pa p pèmèt rezoud pwoblèm estriktirèl e konjonktirèl peyi a ap fè fas.

Sou plan estriktirèl, sosyete a pwodwi twòp inegalite pou li ta kontinye ap fonksyone byen trankil. Egzijans pou jistis sosyal ak ekite se plent mas popilè yo e se yon ijans istorik pou nou tande yo. Sou plan konjonktirèl, revandikasyon yo senp : demisyon gouvènman defakto M. Ariel Henry a epi mete sou pye yon gouvènman transzisyon ki kapab mennen yon minimòm aksyon nan sans jistis sosyal ak ekite repibliken epi òganize eleksyon san pas pouki.

Se nan kontèks sila yon gouvènman ilejitim e enpopilè deside double pri gaz la, yon ogmantasyon pèsonn pa t ap janm aksepte san chòk nan okenn peyi sou latè, menm lè li ta soti nan yon pouvwa lejitim. San mildout, gen yon pakèt enterè mafya anndan pouvwa a tankou deyò pouvwa a ki anje, epi gang yo PHTK ap itilize kòm zam politik e ki te federe anba de je Madanm Hélène Lalime, reprezantan Sekretè Jeneral Nasyonzini an an Ayiti, pran yon sètenn otonomi epi yo pwofite sityasyon malouk pwòp pouvwa a kreye a pou yo etann pouvwa pa yo.

Vizibilite gang sa yo pran an pa dwe fè nou bliye, depi plizyè lanne y ap koupe rache nan katye popilè yo, anpil ladan yo fè anpil masak nan anpil katye popilè san gouvènman PHTK yo pa janm enkyete yo. Vizibilite sila pa dwe fè n bliye nonplis se tout peyi a ki leve kanpe, k ap manifeste. Se nan tout depateman yo, nan tout vil yo lavi sa  ki pi sanble ak lanmò, fè yon estop. Lide pou yon kelkonk fòs etranje, yon fòs militè sou pretansyon imanitè, pa koresponn ak reyalite a.

Ajoute sou sa, gouvènman defakto a pa gen okenn lejitimite enstitisyonèl pou li mande èd yon fòs etranje. Nan kontèks nou ye la a, okenn fòs militè pa p byen parèt devan je grann majorite popilasyon epi popilasyon an ap konsidere kelkeswa fòs militè a tankou yon alye pou gouvènman defakto a pandan demisyon gouvènman sila se sa tout moun ap tann. Kòman yon fòs militè etranje pral ka fè distenksyon ant gang ak manifestan, ant bandi ak senp sitwayen ki jis ap reklame dwa yo nan lari a, pandan yo entèdi yo tout kad enstitisyonèl yo ? Kisa ki ta ka anpeche gouvènman defakto a pa egzanp pou li ta dekrete kouvrefe oubyen etadijans sou pretèks l ap konbat « gang », si l ap benefisye èd yon fòs militè etranje ? Gouvènman defakto a, ak premye minis li an, diplomat li yo ak minis kominikasyon li an bay de pawòl devan laprès ak enstitisyon entènasyonal yo :tanto yo pretann yo konprann manifestan yo, tanto yo pretann se gang ki nan lari a. Yon idantifikasyon konsa (manifestan = bandi) se yon souflèt pou yon pèp k ap revandike dwa l, epi sa tou louvri pòt pou ravaj represyon an plis toujou si yo ba li mwayen militè pou sa. Kidonk, pakèt dizèn milye moun k ap manifeste nan Potoprens, nan Okap, nan Jeremi, nan Tigwav, nan Okay, nan Gonayiv tout se manm gang  ? Enbyen, se yon pèp gang ! Jou lendi 10 oktob la, se yon pakèt milye manifestan ki te pran lari. Nèg ak inifòm, ki di tèt yo yo nan lapolis ak nan lame, tire sou yo. Demann èd militè gouvènman defakto a vize, klèman, ogmantasyon zak represyon yo epi pou mete fen nan mouvman revandikatif la.

Pou sila ki ret yon ti kras memwa toujou yo, sa k pi mal la se pendan dis dènye lane sa yo prezans etranje yo, soti nan vèsyon militè pou rantre nan vèsyon sivil, pa t janm fò konsa. Anpil santèn ak milyon dola, yo pran nan men senp sitwayen nan mond lan, te depanse san yo pa pwodui okenn rezilta pozitif sou plan ekonomik tankou sou plan politik : degradasyon enstitisyon yo epi katastwòf ekonomik. Efè ki pi konkrè e pi senbolik nan memwa pèp Ayisyen an, se kolera sòlda Nasyonzini yo te pote ban nou. Prezans etranje an Ayiti fè pati pwoblèm nan, pa solisyon an.

Epi pou sila yo, anpil ladan yo pa mechan, ki wè nan distribiye gaz la solisyon an, ann poze kseyon an: Ki pri ? Kiyès k ap ka peye l ? Eske yo pral double salè moun yo? Eske pwoblèm politik yo pa p egziste ankò ? Fok nou remake gouvènman defakto a pa anonse okenn mezi sosyal konkrè, li pa moutre okenn volonte konkrè pou li negosye ak enstitisyon sivil epi politik Ayisyen yo pou jwenn yon solisyon ak kriz la.

Evantyèl “misyon militè imanitè” sa a, se yon rakousi « kominote entènasyonal » la pran pou kouri pou responsabilite li genyen nan sityasyon malouk peyi a. Se soutyen li bay yon pil gouvènman ilejitim, konwonpi epi represif ki kenbe pouvwa sa yo nan tèt peyi a kont volonte pèp la.

N ap reyafime li : yon fòs militè etranje se ap yon èd an favè represyon pouvwa a ap egzèse kont pèp la k ap mande demisyon li. Solisyon pwoblèm sekiritè yo se yon eleman nan solisyon pwoblèm politik yo ki dwe voleponpe pase nan mete kanpe yon gouvènman ki soti nan pwopozisyon tout sosyete Ayisyen an.

N ap envite entèlektyèl, ekriven ak atis peyi a pou yo pwononse yo kont vini fòs militè sa a nan peyi a. N ap envite entelektyèl, ekriven ak atis lemond antye pou yo pran pozisyon kont lide pou yo depanse kòb yo nan voye fòs militè k ap vin konplis nan represyon. N ap mande enstitisyon defans dwa moun yo pou yo denonse represyon k ap egzèse kont manifestan yo ki pou laplipa ladan yo soti nan katye popilè kote gang yo ap koupe rache. Sou pretèks lit kont gang yo, yo vle fèmen bouch prensipal viktim gang yo.

Connexion utilisateur

Commentaires récents

  • La religion chrétienne serait-elle une religion afro-caribéenne ?

    Avec des ritournelles de vie chère ...

    Veyative

    21/11/2024 - 05:55

    ce sera très drôle! Lire la suite

  • Jean Crusol : "Première tentative d'un gang du narcotrafic de s'imposer dans le paysage politique et social de la Martinique"

    VOUS ACCUSEZ LES MANIFESTANTS MAIS...

    Albè

    20/11/2024 - 10:47

    ...vous vous bouchez les yeux quand il s'agit d'identifier les VRAIS responsables de la situation Lire la suite

  • Jean Crusol : "Première tentative d'un gang du narcotrafic de s'imposer dans le paysage politique et social de la Martinique"

    Propos gravissimes de Crusol

    Nuit noire

    19/11/2024 - 13:10

    Les propos de Crusol sont gravissimes .C'est néanmoins une analyse originale qui mérite qu'on s'y Lire la suite

  • Martinique : un référendum sur l'indépendance pour mettre fin à la chienlit ?

    La constitution s'adapte

    MONTHIEUX Yves-Léopold

    17/11/2024 - 19:16

    Rien de plus facile que de modifier la constitution. Lire la suite

  • Martinique : un référendum sur l'indépendance pour mettre fin à la chienlit ?

    Petit rappel de droit constitutionnel.

    Nuit noire

    17/11/2024 - 18:05

    En droit français actuel PERSONNE ,même pas Macron ne peut "octroyer" l'indépendance à un territo Lire la suite